An Ayiti, nan majorite lekòl segondè, se an kreyòl pwofesè ak elèv ap travay. Se nòmal, paske se lang sa a tou de patnè nan edikasyon sa yo metrize. Malerezman, sitou pou ansèyman disiplin syantifik yo, ansèyman an fèt nan yon anbyans voye monte, ki manke rigè ak egzaktitid lasyans egzije. Pifò pwofesè lekòl rekonèt lè yo pale an kreyòl, elèv yo konprann pi byen. Men pwofesè yo pa remake si chak pwofesè ap fè lide pa li pase jan li santi ki pi fasil la, epi se yon liv ki ekri an franse pwofesè a ap eseye tradui dirèkteman devan elèv yo. Nan kondisyon sa yo, gen yon bann ak yon pakèt ti ansèyman separe ki pral jwenn elèv yo, ti pil pa ti pil. Sa lakoz kisa? Chak grenn pwofesè ap pale, ak elèv yo, ak yon jagon ki diferan, ak yon gramè pèsonèl yo, ki se melanj mikmak fanse kreyòl. Rezilta: Lang franse a tounen sèl abit ant 2 elèv ki pa gen menm pwofesè syans, kominikasyon an difisil.
(...)
Document intégral à télécharger