Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Se pa sèlman pou kesyon dlo a rejim Divalye te fè masak Kazal la

Feguenson Hermogène
Se pa sèlman pou kesyon dlo a rejim Divalye te fè masak Kazal la

27 Mas 1969, rejim diktati François Duvalier a masakre 23 moun nan Kazal. 27 mas 2019  fè senkant  lane,dat pou dat, depi evènman sa te rive.  Memwa viktim ak rezistan rejim bout di sa a rete grave  nan lespri moun Kazal.

Kazal se 4e seksyon komin Kabarè ki te rele Duvalierville nan moman evènman sa te pase. Selon jounalis, istoryen Bernard Didriech gen 23 moun ki pèdi lavi yo anba bal ak kout manchèt makout pandan masak sa. Pou n te fouye pi fon koze sa, nou te al patisipe nan 50e komemorasyon evènman sa nan Kazal, jou mèkredi 27 mas 2019 la. Se òganizasyon Devoir de mémoire Haïti, Gad Kazal ak Fondasyon Lorquet ki te reyalize aktivite sa nan lide pou salye memwa viktim yo.

Kazal : ansyen baz rebelyon kominis ayisyen kont Divalye

Nan lane 1959, ekriven maksis Jacques Stephen Alexis fonde pati politik PEP (Parti d’Entente Populaire). Malgre rejim Divalye a te touye Alexis an 1961, pati a te toujou ap fonksyone. Se konsa ofisyèlman 18 janvye 1969 PEP  pral fonn ak yon lòt pati yo te rele PPLN (Parti Populaire de Libération Nationale) pou vin bay yon nouvo estrikti politik yo rele PUCH (Parti Unifié des Communistes Haïtiens).

Se pati sa depi nan lane 1967 yo ki te tanmen yon batay kont rejim divalyeris la. Se konsa, dirijan pati yo pral deside enstale yon baz rezistans nan Kazal. Men baz sa t ap  konekte ak 2 lòt kote ki se Akayè ak Kabarè. Se sa dènye sekretè jeneral pati a ki se René Théodore te rele « El triangle Che ». Lide a sete mete sou pye yon fwaye rezistans nan mòn yo nan Kazal, ki pral grandi epi atake Pòtoprens. Modèl geriya sa te vle sanble ak modèl revolisyonè Kiben yo te enstale nan mòn Sierra Maestra  anvan revolisyon 1959 la.

Alix Lamaute, Roger Mehu se 2 prensipal moun sa yo PUCH te chwazi pou planifye batay la nan Kazal.

Zafè rivyè « Tòsèl » la gaye wonn nan

Gen yon rivyè ki travèse Kazal ki desann al Kabarè yo rele « Tòsèl ». Otorite yo nan Leta te pase lòd se 2 jou sèlman yon agrikiltè dwe wouze jaden li. Nenpòt moun ki pa t obeyi anba lòd sa, yo arete w, woule w anba baton epi fè w peye yon amand 50 goud anvan w jwenn liberasyon. Se konsa « Choukèt lawouze » ki se non milis divalyeris nan zòn andeyò yo, ta pral fè anpil abi, enjistis.

Jou ki te 27 mas 1969 la,  kòmandan pòs Kabarè a bay lyetnan Adage lòd pou l al  arete Jérémie Eliézer nan Kazal akoz li te wouze jaden li pandan peryòd entèdisksyon an. Moun zòn nan ak militan PUCH yo leve kanpe. Yo fè makout ak militè yo fè bak epi yo al desann drapo nwa e wouj Divalye a pou monte sila ki koulè ble e wouj la.

Ekriven, ansyen militan kominis ayisyen, Réné Dépestre ki t ap anime yon pwogram kreyòl nan radyo « La Havane » depi Kiba, retransmèt sitiyasyon ki t ap dewoule nan Kazal la. Li deklare « se moman pou  tout ayisyen leve kanpe pou ede revolisyonè yo nan Kazal pou yo kapab kontinye operasyon sa ki kapab premye batay liberasyon nasyonal la »

Egzekisyon, vyole tifi, boule kay : mak fabrik represyon an

Rejim divalye a pa te pran tan pou l reyaji fas ak sa ki te pase Kazal la. Se konsa militè ak milisyen ki soti Pòtoprens kazèn Desalin, Akayè, Kabarè, Mibalè, ansèkle zòn nan.Yo touye 23 moun ak bal epi kout manchèt selon chif jounalis Bernard Diedriech rapòte. Pami yo, Alix Lamaute, Lamarre Saint germain ki te 2 nan prensipal responsab PUCH, ki mouri nan afwontman. Jounalis la fè konnen toujou, pati a pa te ka voye ranfò nan Kazal. Sèl sa yo te rive fè se  lanse 2 grenad nan Pòtoprens nan « “Petit bar de l’ami Eugène » ki se yon espas kote makout yo konn reyini. Yon sèl nan grenad yo eklate. Li blese yon dizèn moun.

Nan Kazal plis pase 80 moun disparèt, plizyè jenn tifi ki gen 13,14 lane vyole, plizyè dizèn kay boule daprè temwanyaj òganizatè  aktivite komemorasyon yo.

Anselme Benoit ki se yon reskape masak la ki gen 86 lane rapòte nou : « Mwen fè 6 jou nan kache. Mwen te gen 2 frè m ki te nan zafè kominis la. M te oblije mete kòm deyò al kache yon kote byen lwen ki rele Sen Jozèf. Tout moun pè pote manje pou mwen, yo pè kò yo, grangou vle touye m. Se pandan m nan kache mwen aprann yo koupe tèt Alix ak Germain (ki te zanmi m), pote bay prezidan. Pou m pat mouri grangou, mwen soti. Yo arete m, yo bat mwen. Te gen yon chèf yo rele Arnel Bout Ponyèt, li di : djake misye non ! . Bò 6 zè yo pati ak mwen pou al fizye m. Yo mare m 2 bwa dèyè do. Yo di m fè dènye priyè m. Mwen di Bondje m peche, men m pa yon kriminèl. Ou va resevwa nanm mwen. Mwen di yo fouye tou a pi fon pou sant mwen pa anmède moun. Se konsa yon n ladan yo di « si n fizye misye n ap gen anpil pwoblèm ». Se konsa yo transfere m nan prizon Kabarè.»

Represyon an te kòmanse  27 mas pou fini 11 avril 1969. Militè ak milisyen yo te egzekite epi antere majorite viktim yo anba yon gwo pye kenèp ki nan rantre Kazal. Jounen jodi a yo bati yon plas nan espas sa. Li pote non « Plas rezistans ». Lè yon moun vizite plas la,  w ap kapab wè non kèk moun ki te tonbe nan represyon an.

50 lane aprè masak la, moun Kazal ak kèk enstitisyon lòt kote kontinye onore tout viktim ak rezistan ki te asasine pandan èvènman yo. Nan Kazal se te mès aksyondegras, mach ak fanfa, ekspozisyon, teyat ki te fèt jou 27 mas nan memwa viktim yo. Isit nan Pòtoprens, Kolektif fotograf K2D nan tèt kole ak Fondasyon Konesans ak Libète (Fokal) òganize yon ekspozisyon foto sou masak la tou nan lide pou rann omaj ak sila yo ki te tonbe nan Kazal an 1969.

Feguenson Hermogène

Post-scriptum: 
Images : Luckenson Jean

Pages