Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL
Le Prince de Machiavel en créole haïtien

PRENS LA

traduit de "Il principe" par Henock Franklin
PRENS LA

{{Quatrième de couverture}}

"Jounen jodi a, pou yon nonm gouvène, li pa bezwen komèt yon bann inikite brital, dekapite ennmi li yo, vòlò zafè moun, maspinen pèp la; non, lanmò, vòl, fè moun soufri, bagay sa yo, se yon ti wol senpman yo ka jwe nan politik anndan Leta modèn yo". Se sa nou li nan pajdo yen liv. Se vre jounen jodi a, bagay yo chanje, pou yon nonm dirije, li pa bezwen ap fè vyolans sou moun yo, maspinen yo, twonpe konpatriyòt li yo, anpeche yo fè politik, egzile yo, anpeche yo panse. Men gen yon bagay ki pap janm chanje : yon nonm ap toujou bezwen kawoupaka pou li dirije, bagay sa a valab toutan, bagay sa a pap janm chanje. Se sa mwen di.

_______________
Mwen se {{Henock Franklin}}, mwen fèt nan Vil Okay an Ayiti, vil filozòf yo. Mwen se ansyen etidjan an filozofi nan LNW (Lekòl Nòmal Wo Nivo) ri Lareyinyon, mwen se ansyen prepawo tou an Lojik ak Filozofi nan menm Lekòl sa a pou etidjan premye ak dezyèm ane filozofi an 1998. Mwen dedje travay sa-a a tout etidjan Lekòl Nòmal Wo Nivo yo e a merit tout pwofesè yo nan Lekòl sa a.

_________

Premie paj.

p. 7

{{Anvann li}}

«Il Principe» an kreyòl, yon ti pa pou mwen men yon gwo pa pou lang kreyòl la. Pwoblèm lang lan, se premye pwoblèm filo-zofî a e se premye pwoblèm pou filozòf la atake tou; paske lang se bagay ki demouni-ze moun. Se sa mwen di nan yon liv mwen ekri ki rele: Moun demounize e mwen devlope plis toujou nan yon lòt liv ki rele Moun poko-fòn. Si yo vle yon lang vini soto, sa vle di yon lang lespri, se pou li gen pwòp literati pa li e lèfini se pou yo mete ladan li tout sa yo kapab nan literati inivèsèl la.
Se poutèt sa mwen chwazi mete an kreyòl kokennchenn liv sa a, yon liv enpòtan anpil nan istwa lide yo e ki pral inogire modènite politik la men tou ki pa sispann bay pwoblèm depi li soti jis jounen jodi a. Se konsa anpil moun pral dakò ak tout sa ki ekri nan Prens la, men tou yon bann lòt pral rejte tout sa ki di nan li e menm tout panse Makyavèl la nèt.

{{MACHIAVEL Nicolas, PRENS LA, traduit de Il principe par Henock Franklin, Paris, Editions Anibwé, 2007, 241 p., ISBN : 978-2-916121-0-93}}

{{ANIBWÉ}}

_ 52, rue Greneta 75002 PARIS
_ Tél./Fax : 01 45 08 48 33
_ Horaires Librairie
_ Du mardi au dimanche 14h - 21h

[SITE->http://www.anibwe.com/]

..

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages