Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Pouki kò fanm pou tout moun, sof pou fanm?

Jowànn Elima Chachoute
Pouki kò fanm pou tout moun, sof pou fanm?

Nan sosyete a, depi w se fanm, tout kote w vire ou frape ak yon entèdiksyon oswa yon lòd degize an konsèy sou fason antanke fanm ou dwe trete kò w.

Apwopriyasyon kò fanm nan relijyon

Relijyon ki se yon konstwiksyon sosyopolitik- ki itilize manipilasyon, matrakaj e souvan diskou ki eksplwate laperèz kay moun pou rive konvenk yo- se yonn nan eleman sosyal ki apwopriye kò fanm. Nan anpil relijyon, enpozisyon burqa, vwal oswa manti, entèdiksyon pou fanm mete pantalon, pèmanant, bijou, kitèks, pou yo itilize metòd planning, pou yo fè avòtman, «konsèy» sou konpòtman seksyèl yon madanm dwe genyen vizavi mari l, se kèk egzanp apwopriyasyon kò fanm. Depi nan pwent cheve w pou rive nan zong pye w, san bliye bouboun ou, depi w se fanm, relijyon ap mete w opa sou fason ou dwe trete kò w. Ou tounen sèlman spektaktè nan fason pou w jere kò w gras gid itilizasyon yo ki se Labib, koran ak tout lòt liv sakre yo, m devine yon grenn nan otè yo pa fanm… Si w ta panse reyapwopriye w kèk santimèt nan kò sa a, menas chatiman diven, pinisyon kòporèl, eksklizyon swa diskou pou kilpabilize w ap fè w rantre byen vit nan ran w.

Nan anpil relijyon (pa tout!) apwopriyasyon kò fanm fèt pou enfantilize, soumèt oswa pou veye pou kò sa a pa tounen yon tantasyon pou gason, sèks «fò» a, men ki sanble gen yon feblès jeneralize pou foure dyòl li nan zafè regilasyon kò ak konpòtman fanm.  Presyon sikolojik relijyon mete sou do fanm nan fason pou yo abiye se yon doub fado: non sèlman fanm nan pa gen dwa chwazi kijan l ap abiye, men anplis si li pa abiye fason relijyon l di l e li rive sibi yon vyolans seksyèl paske l te mete yon rad ki «eksite» sèks «fò» a, li responsab si l rive reveye bèt k ap dòmi kay gason an ; « yo te di l sere kò l », adèp lespri kwense yo toujou fè konnen ! Se yonn fòmil ki rapidman retire tò a sou bouwo a, kadejakè a e mete l sou viktim lan, fanm kif è Chwa abiye jan li vle an.  Se nan optik sa a yon minis endyen pat rive jwenn pi bon desizyon pou kontre vyòl sou fanm ke mande touris fanm k ap vizite peyi a mete pantalon. Efikas pase sa, m pa kwè genyen !

Apwopriyasyon kò fanm nan politik

Sa pa gen lontan, yon polemik t ap bwase bil entènèt apre otorite nan kèk vil peyi Lafrans te deside entèdi burkini- vèsyon bikini pou medam relijyon mizilman yo- sou plaj. Yon bò gason mizilman te fache paske y ap dezabiye fanm yo, yon lòt bò otorite Lafrans te vle kenbe entèdiksyon an paske yo konsidere burkini a ki se yon sènbòl endirèk relijyon mizilman, pa gen plas nan espas piblik yon peyi ki di l layik. Te gen yon imaj anime (gif) ki rezime sitiyasyon an konsa: de gason ak yon fanm nan mitan, nèg yo move kou kong yonn ap fikse lòt, e a chak fwa franse a retire burqa sou fi a, mizilman an remete l. Nan mitan, fi a k ap gade san pale, yon batay politik ak ideyoljik k ap fèt atravè kò l san di yon mo… Sa a se yon egzanp apwopriyasyon kò fanm nan espas politik.

Nan milye politik la, yo sèvi ak kò fanm tou kò m mwayen echanj – lè pwopriyetè yon business vle jwenn yon gwo kontra, li vini ak yon fanm pou fè bagay yo mache -, afè Dominique Strauss Khann medya yo te rele «Afè Otèl Carlton» nan se yon egzanp. Konsa tou, gen nan peyi, yo ka sèvi ak kò fanm pou pyeje yon advèsè ki cho devan bann nan lè yo voye fanm sa a al pran l nan yon «guet apens seksyèl». Nan tan lagè, lè lame anvayi teritwa enmi epi tonbe vyole fanm, kò fanm nan tounen yon medyòm pou voye yon mesaj vanjans bay otorite / lame peyi l ap viv.

Nan kad politik, apwopriyasyon kò fanm demounize l, li se jis yon objè twòk, yon monnen echanj oswa yon mwayen presyon pou fè yon koz vanse.

Apwopriyasyon kò fanm nan komès ak sektè atistik

Nan zafè komès, marketing apwopriye kò fanm menm pou vann kawotchou machin… Pa panse sa pa fè sans, okontrè li gen yon gwo chay senbolik lè nou konnen kò gason poutan pa  itilize konsa menm pou fè pwodui ak sèvis ki sible fanm vann! Nan domènn kreyasyon atistik, kò fanm vire lanvè landwat. Yon atis ka fè w repete avè l ou anvi posede yon fanm jan w anvi posede yon byen, menm jan li ka fè w chante fanm se yonn nan 7 mèvèy mond lan.

Konsekans apwopriyasyon kò fanm

Apwopriyasyon kò fanm retire dwa fondalnatal yon moun genyen pou l deside kijan li vle trete kò l, e fè l rive kwè se pèsepsyon lòt la genyen de kò l ki detèmine plas li nan sosyete a. Apwopriyasyon kò fanm patisipe nan kosyone vyòl, paske yon nèg ki deside vyole yon fanm konsidere konsantman fanm nan pa enpòtan si l vle gen aksè a fant janm li. E apwopriyasyon sa a pa fèt nan moman nèg la ap vyole fi a, se yon chema mantal relijyon, politik, marketing, kreyasyon kiltirèl, pou n site sa yo sèlman, ede konstwi nan tèt li. E lè l rive vyole fanm nan, se sèlman materyalizasyon fason panse sa a ki rive fèt. Se pou sa, kreyasyon atistik, blag seksis, demounizasyon kò fanm nan piblisite pa inosan, vle ou pa, lè chak jou w ap wè, tande, repete, pataje yon lide, w ap entegre l nan fason w panse , l ap vinn fè pati valè w kwè nan yo, e w ka etone wè jan l rejayi nan konpòtman w yon jou.

Toutotan depi timoun yo tou piti, paran pa aprann respekte e pwoteje kò yo e aprann timoun yo kò yo se yon espas prive; toutotan n ap rele ti gason ti kòk e souzantann tifi se ti poulèt yo pral kouvri; toutotan nou jennen pale ak adolesan yo de seksyalite; toutotan atis ap chèche popilarite nan degrade imaj fanm sou pretèks y ap denonse pou korije; toutotan se dan n n ap griyen lè pèsonalite piblik atake fanm nan sekyalite yo pou jouman; toutotan 7 gason ka itilize espas politik la pou fè presyon sou fason yon fanm gen dwa jere matris li; toutotan apre yon kadejak jij ap kesyone viktim tankou akize; sosyete a nan tout nivo, ap konplis chak vyòl ki fèt sou fanm.

Jowànn Elima Chachoute

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.