Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Krey Matjè Kréyol Matinik ekri prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyὸl (FÈLKreyòl)

Krey Matjè Kréyol Matinik ekri prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyὸl (FÈLKreyòl)

KM2 ( Krey Matjè Kréyol Matinik : Association des écrivains créoles de la  Martinique) se yon gwoup ekriven k ap travay pou voye lang kreyὸl la moute pi wo depi kèk lane nan Peyi Matinik. Asosyasyon sila a ekri yon lèt voye bay prezidan Festival Entènasyonal Literati Kreyὸl

Samedi 14 décembre 2019 ((rezonodwes.com))– Se prezidan OMDAC (Organisation Martiniquaise des Arts et de la Culture), Yves Marie Seraline, ki te prezan nan premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl kòm envite espesyal, ekriven yo te konfye lèt sila a ki ekri an kreyòl matinikè e ki pote siyati Georges-Henry Léotin, prezidan KM2). 

Nan lèt sila a, ekriven matiniken yo salye inisyativ la pandan yo wè nan festival la yon okazyon pou moutre richès ak fòs literati ak lang kreyòl la toupatou sou latè. KM2 pa bliye raple kontèks difisil lang kreyòl pran nesans epi soulinye se yon lang rezistans, yon lang libète : « poutoulbon, kréyol sé an lanng enternasional, ki wè jou adan kondision red (lesklavaj, profitasion), men an menm an tan sé an lanng ki lianné anlo pep tibren toupatou, an lanng yo té ka sèvi pou lité, pou rézisté, pou hélé libèté yo té ni an tjè yo ».

Ekriven yo senpatize ak estaf festival la, swete ekip la bon kouraj sou chemen yo twouve yo a. Krey Matjè Kréyol Matinik te tou pwofite okazyon an pou salouwe kèk ekriven nan Matinik k ap travay pou voye kreyòl moute : Hugues Barthéléry, Romain Bellay, Daniel Boukman, Jid Diranty, Roger Ébion, Serghe Kéclard, Térèz Léotin, Georges-Henry Léotin, Jean-François Liénafa,  Éric Pezo, Serge Restog… Asosyasyon ekriven yo voye bravo tou pou mezon edisyon sa yo ki antre nan batay la : Editions caribéennes, K-éditions, Editions Exbrayat, Ibis Rouge éditions…

Ekriven yo pa neglije bay tou yon lide sou asosyasyon yo a, KM2, yo kreye depi lane 1989 kote yonn nan objektif li yo se moutre genyen yon literati kréyol ki merite onè ak respè, ki merite pou yo rekonèt li.  Se kreye tou manifestasyon pou pèmèt ekriven ak lektè boukante.

« Bon kouwaj pou festival litérati kréyol la, épi kenbé fèm adan bel travay la zot ka fè a» Se ak fraz sila a lèt la fini.

  • Premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyὸl te dewoule soti 4 pou rive 8 desanm nan Pὸtoprens ak kèk lὸt vil nan peyi a. Pou premye edisyon an, se powèt Manno Ejèn ki te envite donè.  Ekriven Yves Marie Seraline ki te soti nan peyi Matinik ak Hilario Baptista Felix, Kiba, te envite spesyal.

Ricot Marc Sony

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.