Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

FELKreyòl 2019: pou yon kreyolizay

FELKreyòl 2019: pou yon kreyolizay

Peyi dayiti ap prepare li pou òganize de pye fèm, soti 4 pou rive 18 desanm 2019 la, premye Festival entènasyonal literati kreyòl (FELKreyòl). Yon nouvo dat ak aktivite ki vin ajoute nan kalandriye evènman literè nan peyi a. Yon seri aktivite tou nèf ki pral dewoule nan 4 depatman ak gran vil peyi a gras ak kolaborasyon komite rejyonal yo.

Festival entènasyonal literati kreyòl (FÈLKreyòl) se yon inisyativ emisyon literè Pawòl kreyòl an patenarya ak Fondasyon Maurice A. Sixto, DNL, rektora Inivèsite Leta, CIDHICA. Se yon festival ki konsène sèlman pwodiksyon literè lang kreyòl. Nou ka di tou se yon tèren san lantouray pou tout bèl chelèn pwodiksyon literè ak syantifik lang kreyòl la taye banda. An gwosomodo, Festival entènasyonal literati kreyòl chita sou pwomosyon, valorizasyon ak difizyon literati lang kreyòl la nan yon demach ranfòsman idantite lenguistik pèp kreyolofòn yo.

Fè konnen plas ak enpòtans Ayiti nan avni lang kreyòl nan lemonn, kreye yon espas espesyal pou pwodiksyon literè kreyòl, kreyòl ayisyen an tankou sa fèt nan anpil lòt peyi se pami pi gwo objektif evènman sila avèk yon pwogramasyon chaje kon legba ki gen ladan l: seremoni ofisyèl lansman Festival entènasyonal literati kreyòl la, De mega vantsiyati ak eskpozisyon kote divès otè ak mezon edisyon ap prezan, konferans nan inivèsite, espas kiltirèl, lekòl, aktivite nan prizon (tankou : atelye kreyasyon literè, resital pwezi ak graje gita), remiz plak donè ak merit bay kèk enstitisyon ak pèsonalite, fòmasyon sou tradiksyon franse-kreyòl pou anviwon 40 moun ak anpil lòt pou fasilite plis travay fèt nan lang la san limit.

Ap genyen tou yon latriye ekriven total kapital tankou Manno Ejèn, fondatè regwoupman ekriven kreyòl, envite donè premye edisyon festival la, Clotaire Saint-Natus, prezidan donè festival la, Lyonel A. Trouillot, Jean-Euphèle Milcé, Christophe Philippe Charles, akademisyen Pierre Michel Chéry, rektè inivèsite a Fritz Déshommes, Michel Soukar, Jessica Nazaire, ekriven/chantèz Nicole Cage ki soti nan peyi Matinik, Gertrude Séjour responsab fondasyon Maurice Sixto, Hilario Batista Felix ki soti nan peyi Kiba ak yon jenn powèt ki deja fè non yo nan milye literati peyi a.

Pou premye edisyon an, Matinik ak Kiba se peyi envite festival pami peyi ki gen gwo kominote ki sèvi ak kreyòl kòm lang. N ap raple Festival entènasyonal literati kreyòl la pa nan toke kòn ak literati ki ekri an fransè men se pito yon okazyon pou bay jarèt ak literati nan lang kreyòl la.

Lesly SUCCÈS

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.