Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

EVENMAN TRAJIK 7 NOVANM 2008 LA

EVENMAN TRAJIK 7 NOVANM 2008 LA

Nòt pou laprès Platfòm òganizasyon Ayisyen Dwa moun (POHDH).

{{Platfòm òganizasyon Ayisyen Dwa moun}} santi li revòlte, devan evènman trajik ki pase nan dat 7 novanm 2008 la, ki lakòz plis pase 95 moun pèdi lavi yo epi plis pase 150 lòt blese, elèv, pwofesè ak tout kalte moun ki te andedan kou deyò lekòl « La Promesse Evangélique » nan ODAN (Nerèt), komin Petyonvil. Pifò moun sa yo se timoun ak jèn adolesan ki te vin chèche pen lenstriksyon. Yon sitiyasyon ki yon lòt fwa mete lapenn ak dèy nan mitan fanmi ayisyen an epi ogmante fristrasyon popilasyon an.

Platfòm nan ap prezante kondoleyans li bay tout paran sa yo, anmenm tan l ap fè yo konnen, jan misyon l vle sa, l ap pote kole nan tout demach y ap genyen pou fè, nan lide pou fòse otorite leta yo pran reskonsablite yo nan sitiyasyon sa a jan lalwa mande l la.

POHDH deplore kokenn chenn trajedi sa a ki dapre li menm se konsekans neglijans ak pratik pase dwa moun anba pye andedan peyi a. Lè nou konsidere manman lwa peyi a nan atik sa yo : 32, 32-1, 32-2, 32-3, mande pou leta mete bon jan kalite lekòl gratis pou tout moun, pou sipèvize kondisyon lekòl prive yo ap travay, katastròf sa a montre kijan leta ayisyen pa pran reskonsablite l nan fason lekòl prive yo ap pouse tankou djondjon andedan peyi a san yo pa respekte okenn prensip yon pa, epi nan move eta delabreman yon seri etablisman lekòl leta ye yon lòt bò.

Sitiyasyon sa a pèmèt nou wè aklè kòman ledikasyon, ki se yon mwayen pou pèmèt peyi a sòti nan sitiyasyon tèt chaje li ye jounen jodi a, pa fè pati priyorite leta. Se menm sitiyasyon sa a ki lakòz elèv sa yo, pwofesè sa yo ak tout kalte moun sa yo ki te andedan kou deyò lekòl “La Promesse Evangélique” nan ODAN, sibi anmenm tan plizyè zak vyolasyon dwa moun tankou : dwa pou moun gen lavi, dwa pou moun gen sekirite, dwa pou moun jwenn ledikasyon nan bon kondisyon.

Platfòm Oganizasyon Dwa Moun yo (POHDH) ki gen pou misyon obsève, fè pwomosyon pou respè dwa moun ak denonse pratik andedan leta a a, ki depaman ak prensip dwa moun, mande prese prese:

- Pou leta pran anchaj tout viktim evènman trajik sa a pandan l ap fè yo jwenn tout kalite èd yo merite ;

- Pou lajistis arete epi jije tout moun, tout otorite ki gen reskonsablite dirèk oubyen endirèk nan dram sa a, ki mete anpil fanmi nan soufrans ;

- Pou leta ayisyen pèmèt popilasyon an jwi dwa ledikasyon an kòmsadwa ;

- Pou Ministè Ledikasyon Nasyonal sipèvize tout batiman lekòl piblik tankou prive epi pran bon jan mezi ki nesesè pou evite trajedi sa yo pa repete yon lòt fwa ankò.

Jocelyne COLAS
Sekretè Jénéral

Image: 

Commentaires

shaka_zulu1 | 15/11/2008 - 19:09 :
Kè an mwen ka sennyé lè mwen ka vwè biten trajik ka rivé fwè é sè an péyi Ayiti. I ja tan pou pèp ayisyen woté kò ay an vyé soulyé. Ou té ké di moun ka fè pèp-la sa péyé lendépandans ay.Apré siklòn té watibwazé péyi-la sa, sé pwoblèm a lékòl ki pa onòm. Sé toujou sa, sé lè malè rivé, moun ka pòté mannèv pou sa pa rivé ankò!

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.