Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

An n reflechi pou n rele chalbari sou pwopozisyon k ap menase òtograf lang kreyòl la

Michel DeGraff ("e National")
An n reflechi pou n rele chalbari sou pwopozisyon k ap menase òtograf lang kreyòl la

Nan atik sa a, m ap envite lektè yo rele chalbari dèyè pwopozisyon depaman k ap menase entegrite òtograf lang kreyòl la. Objektif final remak pa m yo se pou m ede Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ak Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan dosye ansèyman lekti ak ekriti lang kreyòl la.

MALÈ PANDYE SOU YON GRAFI KREYÒL KI DEJA AP BAY AVANTAJ BAB E MOUSTACH

Nan dat 26 oktòb 2020, Le Nouvelliste pibliye yon atik ki rele « Propositions pour améliorer la graphie du créole haïtien ». Se Kòlèg Akademisyen mwen, Christophe Charles, ki ekri atik la. Malerezman, si pwopozisyon sa yo ta vin pase, sa se ta nan dezavantaj moun k ap aprann lekti ak ekriti nan lang kreyòl la e ki bezwen òtograf kreyòl la nan lavi yo tou lè jou.

Anvan piblikasyon atik Christophe Charles la, yon lòt kòlèg mwen nan AKA, Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil, te bay yon konferans sou grafi kreyòl la nan Fakilte Lengwistik Aplike, nan dat 11 out 2020. Akademisyen Dorcil, tankou Akademisyen Charles, te pataje yon seri pwopozisyon ki pa chita sou syans lengwistik ditou pyès. La tou, pwopozisyon sa yo te vin menase entegrite syantifik òtograf kreyòl la.

Se kon sa tou, mwen te vin tande yon CD ki rele « Alfabè Kreyòl » kote otè/konpozitè a, Mesye Johnny Antoine, te remèsye Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ak Educa Vision ki se konpayi Akademisyen Féquière Vilsaint. Chante sa a, menm jan ak pwopozisyon Akademisyen Charles ak Dorcil, vin prezante dezavantaj pou moun k ap aprann lekti ak ekriti an kreyòl.

Lè nou mete pwopozisyon twa otè sa yo ansanm, ki sa nou remake ? Enben, nou remake gen Akademisyen k ap pataje oswa apwouve yon seri pwopozisyon kont entegrite grafi ofisyèl lang kreyòl la. Anvan nou prezante kritik pa nou sou pwopozisyon sa yo, fòk nou byen konprann yon reyalite ki fondamantal : alfabè kreyòl la deja chita sou yon bèl lojik « transparans fonemik » kote « chak lèt [egal : sa lengwis rele grafèm] rete nan wòl yo » epi « chak son [egal : sa lengwis rele fonèm] ekri menm jan » (sa se pawòl Pwòf Yves Dejean).

Se sa menm tèm teknik « transparans fonemik » la vle di nan branch syans lengwistik kote syantifik ap fè rechèch sou divès sistèm òtograf pou yo kalkile ki grafi ki pi fasil pou aprenan yo. Syantifik yo dakò se lè yon alfabè rive nan pi wo degre « transparans fonemik » (ki vle di : se lè gen yon bèl korespondans ant lèt ak son) se lè sa a ti moun yo ka aprann lekti ak ekriti pi fasil. Ki fè se kalte òtograf fonemik, tankou òtograf kreyòl la, ki ka pi plis ede ti moun yo vin maton nan lekti ak ekri byen vit.

Lè n konpare òtograf « fonemik transparan » (tankou grafi lang panyòl) ak òtograf « etimolojik opak » (tankou grafi lang franse), nou jwenn se òtograf fonemik yo ki bay aprenan yo pi plis fasilite. Avantaj sa yo byen dokimante nan rechèch syantifik pami lengwis, sikològ ak newosyantis k ap analize jan sèvo moun fonksyone nan zafè lekti ak ekriti. Òtograf fonemik yo tèlman bay bèl avantaj, gen yon gran syantifik nan Collège de France, ki rele Pwòf Stanislas Dehaene, ki menm sigjere fòk òtograf lang franse a tou ta chita sou transparans fonemik sa a kote chak grenn son (« fonèm ») mache ak yon grenn lèt (« grafèm »).

Stanislas Dehaene fè anpil rechèch sou divès kalte andikap ki vin poze lè ti moun yo ap aprann lekti ak ekriti nan yon lang kote òtograf la baze sou etimoloji mo yo. Se orijin etimolojik sa a ki ka fè yon grenn son (tankou fonèm /o/) menm rive gen 46 ekriti diferan nan lang franse (men kèk egzanp : aube, chaud, aulne, aulx, landaus, saut, auxquels, eau, hall, hauban, hautbois, heaume, hosanna, hôte, cahot, osé, ôter, trop, crosne, lot, tôt, e latriye). Kanta lang ki gen òtograf fonemik (tankou panyòl oswa kreyòl) kote « chak son toujou ekri menm jan » (egal : kote son /o/ toujou ekri « o »), ti moun ki pale lang sa yo annik aprann ki son ki mache ak chak grenn lèt epi y ap tou konnem ki jan pou yo li nenpòt ki tèks san grate tèt.

Se rezon sa a ki fè, kòm lengwis, kòm Akademisyen, kòm Ayisyen e kòm edikatè, m oblije ekri atik sa a kote mwen pral demontre ki jan nou riske gaspiye avantaj bab e moustach grafi kreyòl la si n ta aksepte pwopozisyon sa yo ki soti an ba plim Akademisyen Christophe Charles ak Rogéda Dorcé Dorcil e si n ta sèvi ak chante alfabè kreyòl ki nan CDM. Johnny Antoine ki jwenn apwobasyon AKA, MENFP ak EducaVision. Nou pral analize pwopozisyon sa yo youn apre lòt.

PWOPOZISYON AKADEMISYEN CHRISTOPHE CHARLES NAN LE NOUVELLISTE, 26 OKTÒB 2020

An patan, fòk nou remake yon sitiyasyon ki yon jan dwòl lè yon Akademisyen nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap ekri yon atik sou kreyòl epi se an franse l ap ekri atik la. Tande yon pawòl enpòtan nou jwenn nan nannan misyon AKA : Akademisyen yo dwe « travay pou enstitisyon leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo an kreyòl ». Ki donk, Akademisyen yo ta dwe premye moun k ap sèvi ak lang kreyòl la pou bay bon egzanp — sitou nan jounal tankou Le Nouvelliste kote se franse ki deja ap taye banda ? Ki vle di : Depi an patan, chwa lengwistik Akademisyen an ban nou yon endikasyon kòm ki dirè li genlè pa kwè nan kapasite lang kreyòl la pou l kominike pwopozisyon li yo konsènan grafi kreyòl la. Malerezman, se menm kalte mi wo mi ba sa a nou jwenn nan Rektora Inivèsite Leta d Ayiti kote pifò kominikasyon ofisyèl yo se an franse sèlman yo ekri malgre Rektè a (Fritz Deshommes) se youn nan manm fondatè AKA… Bon, an n kite kantik pran priyè…

Anvan nou antre nan detay pwopozisyon Akademisyen Charles yo, an n gade objektif jeneral Akademisyen an nan prezantasyon pwopozisyon li yo pou « amélioration de la graphie du créole ». Sa se yon objektif ki genlè mache ak ideyoloji frankofoni k ap defann enterè moun ki pale franse. Men sa Akademisyen an di sou objektif sa a : « …la lecture et l’écriture du créole s’avèrent difficiles pour beaucoup, pour ne pas dire la majorité des locuteurs francophones ou bilingues… », « …pourquoi utiliser une graphie qui éloigne le créole du français, coupant souvent les mots de leur etymologie. Je crois qu’il est nécessaire de simplifier ou d’améliorer la graphie officielle pour le rapprocher davantage du français. » E poutan, misyon AKA se ankouraje leta sèvi ak lang kreyòl la pou enterè tout moun, espesyalman majorite popilasyon ki pale kreyòl sèlman e ki bezwen edikasyon ak enfòmasyon nan sèl lang sa a ki rele yo chè mèt chè mètrès. Men, lè n byen gade objektif prensipal Akademisyen Charles la, genlè se enterè moun ki pale franse Akademisyen an ap defann : nan analiz li, « lekti ak ekriti an kreyòl difisil pou anpil moun — pou n pa di sa difisil pou pifò nan moun ki pale franse oswa ki bileng ». E poutan, moun sa yo ki genlè konte pi plis pou Akademisyen an, yo se yon ti pousantaj zuit nan peyi a — pa plis pase 5% popilasyon an. Sa vle di 5% popilasyon an ki pale franse (ak kreyòl) genlè yo gen pi plis enpòtans pou Akademisyen Christophe Charles pase 95% popilasyon an ki pale kreyòl sèlman. Ki donk pwopozisyon Akademisyen an riske mete misyon AKA tèt an ba…

Epi tou, pwopozisyon sa a gen yon aspè kolonyal ki dwe fè n reflechi anpil sou ideyoloji Akademisyen nan AKA yo. Pou n konprann aspè kolonyal sa a, nou ka mande tèt nou ki kalte reyaksyon sa ta pwovoke nan peyi Lafrans si yon Akademisyen nan Académie Française ta pwopoze « amelyorasyon » òtograf lang franse pou yo ta fè l sanble ak òtograf lang angle. Epi ann imajine rezon li ta bay pou « amelyorasyon » sa a se paske lekti ak ekriti an franse twò difisil pou pifò moun ki pale angle. Epi tou, li ta di konsa kòm gen anpil moun k ap aprann lekti ak ekriti an franse pral aprann lekti ak ekriti ann angle pi devan, sa ta bay pi plis avantaj si òtograf lang franse a te vin pi pre òtograf lang angle a ! Mezanmi, imajine ki eskandal pwopozisyon sa yo ta pwovoke nan peyi Lafrans si se yon Akademisyen nan Académie Française ki ta pibliye pawòl sa yo !

Kounye a, an n gade detay lengwistik nan pwopozisyon Akademisyen Christophe Charles yo. Malerezman, detay sa yo pral demontre analiz Akademisyen an pa chita ni sou lengwisitk lang kreyòl la, ni sou avantaj alfabè fonemik lang kreyòl la.

Nan youn nan pwopozisyon li yo, Akademisyen an di li pral « fè lèt ‘y’ ret nan wòl li » epi li di lèt ’y’ sa a konn reprezante ni konsòn, ni vwayèl. Se kon sa Akademisyen an analize mo « Ayisyen » ke n ekri ak 2 lèt ’y’ kòm ki dirè ‘y’ ki kòmanse dezyèm silab la (« yi ») se ta yon konsòn epi ‘y’ ki nan twazyèm silab la (« syen ») se ta yon vwayèl. Epi li mande pou nou kenbe ‘y’ nan silab « yi » kòm lèt ‘y’ ; men, li mande pou n ranplase ‘y’ nan silab « syen » ak lèt ‘i’. Se kon sa Akademisyen an pwopoze fòk nou ta ekri « Ayisien » nan plas « Ayisyen ». Se kon sa tou, Akademisyen an pwopoze fòk nou ekri « kamion » nan plas « kamyon » ; « avion » nan plas « avyon », « lion » nan plas « lyon », « aviasion » nan plase « avyasyon », « kamionèt » nan plas « kamyonèt », e latriye.

Nan pwopozisyon li sa a, Akademisyen an fè yon erè ki riske bloke transparans fonemik alfabè kreyòl la kote « chak lèt dwe ret nan wòl yo » epi « chak son toujou ekri menm jan ». Akademisyen an pa reyalize tou lè 2 lèt ‘y’ nan « Ayisyen » se menm son an yo reprezante. Son lèt ’y’ se sa lengwis rele yon « demi vwayèl » oswa yon « konsòn spirant ». Senbòl ki reprezante demi vwayèl sa a nan alfabè fonetik entènasyonal la se senbòl /j/ (non senbòl sa a se « yòd »). Fonèm yòd /j/ sa a ki mache ak lèt ’y’ gen resanblans fonetik ak fonèm /i/ ki mache ak lèt ‘i’ ; men, /j/ ak /i/ pa menm. Ki donk, nan analiz Akademisyen an, n ap vin gen yon grenn fonèm (demi vwayèl /j/) k ap ekri ak 2 lèt diferan: ‘y’ ak ‘i’ tankou nan « Ayisien ». Epi nan menm òtograf « Ayisien » sa a, n ap tou jwenn yon lèt ’i’ k ap vin gen 2 pwononsyasyon diferan : premye lèt ‘i’ a se vwayèl /i/ epi dezyèm lèt ‘i’ a se demi vwayèl (« konsòn spirant ») ke n reprezante ak senbòl yòd /j/ nan alfabè fonetik entènasyonal la. Ki donk, ak yon grenn pwopozisyon, Akademisyen an vyole 2 nan prensip fondamantal ki bay alfabè kreyòl la bèl transparans fonemik li :« chak lèt ret nan wòl yo » (wi, lèt ‘i’ vin pèdi wòl li) epi « chak son ekri menm jan » (wi, demi vwayèl /j/ vin ekri 2 fason diferan : ‘y’ ak ‘i’). Sa se yon lòt pwopozisyon ki riske mete misyon syantifik AKA tèt an ba vre !

Akademisyen Christophe Charles di pwopozisyon li a se pou ede lektè yo rive pwononse « man-yen » nan plas « ma-nyen ». Men, genlè Akademisyen an bliye lektè sa yo ki pale kreyòl deja gen yon vokabilè oral nan tèt yo k ap tou di yo mo a se « man-yen » e se pa « ma-nyen ». Vokabilè oral sa a jwe yon wòl kle nan aprantisaj lekti ak ekriti. Sa pi enpòtan pou n kenbe prensip transparans fonemik alfabè kreyòl la olye pou n al kreye nouvo règ ekriti ki pa gen menm degre itilite pa rapò ak transparans fonemik la.

Se menm enpòtans vokabilè oral la ki dwe ede n konprann rezon pou n rejte dezyèm pwopozisyon Akademisyen Christophe Charles k ap mande pou n ekri « ròb » nan plas « wòb », « tropikal » nan plas « twopikal », « propozision » nan plas « pwopozisyon », e latriye. La tou, se paske li panse « li nesesè pou n senplifye oswa amelyore òtograf ofisyèl kreyòl la pou n fè l plis sanble ak òtograf franse a ».

Enben, sa se yon lòt pwopozisyon ki pral kraze transparans fonemik alfabè kreyòl la paske, pandan l ap mande pou n ekri « ròb », « tropikal », e latriye, li mande fòk nou ekri « twa », « twoubadou », « pwa », « lwa », « koulwa ». Ki fè, nan pwopozisyon sa a tou, n ap vin gen yon son /w/ k ap ekri ak 2 lèt diferan : ‘r ’ nan « ròb » epi ‘w’ nan « twoubadou ». Epi tou, n ap gen yon grenn lèt ‘r’ k ap pwononse 2 fason diferan : /w/ nan « ròb » epi /γ/ nan « rad » (/γ/ se senbòl nan alfabè fonetik entènasyonal pou sa lengwis rele yon « velè frikatif ki gen vwa » ; se fonèm sa a ki koresponn ak lèt ‘r’ nan « rad »). Enben, sa se yon lòt pwopozisyon k ap vyole 2 prensip fondal natal nan transparans fonemik alfabè kreyòl la : li vyole prensip ki di « chak lèt ret nan wòl yo » (nan pwopozisyon Akademisyen an, se lèt ’r’ ki vin pèdi wòl li paske li ka remèt 2 son diferan : /γ/ ak /w/) ; epi tou, menm pwopozisyon sa a tou vyole prensip ki di « chak son ekri menm jan » (kounye a, se son /w/ ki vin ekri 2 fason diferan : ‘w’ oswa ‘r’).

PWOPOZISYON AKADEMISYEN ROGÉDA DORCÉ DORCIL NAN FAKILTE LENGWISTIK APLIKE, 12 OUT 2020

Non sèlman Pwòf Dorcil se yon Akademisyen ; li se yon lengwis tou epi li se ansyen dwayen Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) pandan 4 lane, soti 2012 rive 2016. Ki fè se yon lengwis ki ta dwe ap trase bèl egzanp rezonnman ak rechèch syantifik nan dosye lang kreyòl la. E poutan, Akademisyen Dorcil, li menm tou, ap lage pwopozisyon ki pa chita sou okenn fondasyon syantifik. Pwopozisyon sa yo, tou, vyole prensip fondamantal ki bay alfabè kreyòl la bèl transparans fonemik li — yon transparans ki bay aprenan yo avantaj bab e moustach nan aprantisaj lekti ak ekriti lang manman yo. Sa ki pi rèd, Akademisyen an t ap pataje pwopozisyon pwoblematik sa yo nan yon konferans li t ap bay sou estandizasyon lang kreyòl la e ki t ap pase sou radyo pou gran piblik la. Ki fè fòk nou kritike pwopozisyon Akademisyen Dorcil sa yo paske yo reprezante yon danje piblik kont entegrite syantifik grafi kreyòl la.

Akademisyen Dorcil pwopoze pou n ta retire senbòl sa yo nan grafi kreyòl la: ‘an’, ‘en’, ‘on’, ‘ou’, ‘ng’, ‘oun’ (senbòl sa yo se sa lengwis rele « digraf » ak « trigraf »). Men, pwopozisyon sa a pa chita sou okenn metòd syantifik. Epi tou, pwopozisyon Akademisyen an pa kadre ditou pyès ak premye rezolisyon AKA sou òtograf kreyòl la (nan dat 1e jen 2017) e sa pa kadre non plis ak travay Komisyon Syantifik AKA te prepare pou AKA lè mwen t ap kowòdone komisyon sa a. Akademisyen an prezante konferans li a kòm si done ak analiz ke n te analize nan kad Komisyon Syantifik AKA pa te egziste. E poutan, done ak analiz sa yo ki te soti nan travay Komisyon Syantifik AKA te deja demontre enpòtans transparans fonemik ki nan baz syantifik alfabè kreyòl la.

Se prensip transparans fonemik sa a ki fè digraf ak trigraf yo endispansab pou n kenbe yon korespondans ki fidèl ant lèt ak son nan grafi kreyòl la kote chak grenn lèt (egal: « grafèm ») marye ak yon grenn son (egal: « fonèm »). Sonje se korespondans fonèm-grafèm sa a ki fè òtograf kreyòl la gen yon bèl lojik transparans ki rann kreyòl la pi fasil pou ti moun yo aprann li ak ekri. Malerezman, pwopozisyon Akademisyen Dorcil yo pa konsidere aspè lengwistik sa a ditou pyès.

Men ki kalte analiz Akademisyen an prezante kòm rezon pou n ta retire pifò digraf ak trigraf nan grafi kreyòl la: li di kon sa nou pa dwe sèvi ak senbòl sa yo paske gen diksyonè ak lòt liv kote senbòl sa yo pa parèt; epi tou, li di gen jwèt mo kwaze kote digraf ak trigraf sa yo pa sèvi. E poutan, nan syans lengwistik, kalte done sa yo pa ka sèvi kòm rezon pou n deside ki sa ki fonksyone kòm « fonèm » nan yon lang (egal : kòm son ki sèvi pou n diferansye mo nan vokabilè lang lan).

Pa egzanp, Akademisyen an di ‘ng’ pa dwe sèvi kòm digraf nan alfabè kreyòl la paske digraf sa a pa egziste nan diksyonè. E poutan, nou jwenn mo tankou « zing » nan diksyonè kreyòl tankou diksyonè Akademisyen Vilsaint. Rezon ki fè nou pa jwenn ‘ng’ nan kòmansman okenn mo, se akoz chapant fonoloji lang lan kote gen yon règleman ki mande pou ‘ng’ parèt nan fen silab sèlman. Se tout lang ki gen kalte règleman sa yo ki mete sèten limit sou anviwonnman kote sèten son ka pwononse. Pa egzanp, pa gen okenn mo ann angle oswa an franse ki kòmanse ak « ng… » oswa « nk… » ; men, nou jwenn « Ng… » nan plizyè lang afriken tankou nan non Ngugi Wa Thiongo ki se yon ekriven gikouyou nan peyi Kenya epi nou jwenn « Nk… » nan non Kwame Nkrumah ki se ansyen prezidan peyi Gana.

Kòm Akademisyen Dorcil mande pou n ta retire grafèm ‘an’ nan grafi kreyòl la, mwen pral pataje echantiyon yon agiman syantifik pou n demontre egzistans pè fonèm ke n ekri ak grafèm ‘a’ ak ‘an’ nan lang kreyòl la. An n gade mo « cha » ak mo « chan » kote se vwayèl ‘a’ ak ‘an’ ki pèmèt nou wè diferans ant 2 mo sa yo. Lè n tande « cha » tankou nan « cha kanaval » epi n tande « chan » tankou nan « chan kann » oswa « chan esperans », se son vwayèl la (‘a’ oswa ‘an’) ki pèmèt nou fè diferans ant « cha » ak « chan ».

Ki fè n ka deside, sou baz analiz syantifik sa a, ke nou gen 2 vwayèl diferan sa yo nan lang lan (egal: 2 « fonèm ») epi se 2 vwayèl sa yo (youn ki pa pase nan nen epi lòt la ki pase nan nen) ki mande 2 senbòl ki diferan (egal: 2 « grafèm ») nan grafi kreyòl la: ‘a’ (pou vwayèl ki pa nazal la) epi ‘an’ (pou vwayèl ki nazal la). Se kon sa n jwenn yon analiz syantifik kote digraf ‘an’ sa a nesesè pou grafi kreyòl la depi n vle kenbe bèl korespondans sa a (« transparans fonemik ») ki fè alfabè kreyòl la se yon alfabè kote chak lèt/grafèm mache ak yon grenn son/fonèm epi chak grenn son/fonèm toujou ekri menm jan. E nou ka aplike menm rezonnman sa a pou lòt digraf ak trigraf ki deja byen chita nan alfabè ofisyèl kreyòl la.

Si ta gen konfli ant prensip nan òtograf lang kreyòl la ak sa ki nan diksyonè, mo kwaze, e latriye, se pa alfabè ofisyèl la ki dwe chanje; se AKA, MENFP ansanm ak lekòl yo ki pou fè yon pi bon travay nan kreye materyèl didaktik ak lòt zouti ki pou anseye òtograf kreyòl la kòm sa dwa. Se pa tradisyon nan diksyonè ak pratik nan mo kwaze ki pou ta fòse AKA kraze yon sistèm òtograf ki lojik e ki chita sou bon jan fondasyon syantifik.

Fòk nou toujou sonje se bèl transparans fonemik alfabè kreyòl la ki ka ede ti moun yo vin maton nan lekti ak ekriti. Nou pa dwe bloke transparans fonemik sa a nan fè pwopozisyon, tankou pa Akademisyen Christophe Charles ak Rogéda Dorcé Dorcil yo, ki pa chita sou bon jan metòd ak done syantifik.

PWOPOZISYON OTÈ/KONPOZITÈ JOHNNY FRANÇOIS POU N CHANTE ALFABÈ KREYÒL LA

Se depi 2015 Mandaly Claude Louis-Charles, Bemol Telfort avè m konpoze Chante Alfabè Kreyòl La kote nou fè gwo jefò, sou fondasyon rezilta syantifik nan lengwistik ak syans edikasyon, pou n chache non lèt ki byen matche ak son lèt nan alfabè kreyòl la — selon bèl lojik transparans fonemik ki nan nannan grafi kreyòl la e ki bay aprenan yo avantaj bab e moustach nan aprantisaj lekti ak ekriti an kreyòl. Kòm non lèt nan Chante Alfabè Kreyòl La byen chita sou son chak grenn lèt, san okenn esepsyon, chante sa a ede ti moun yo, depi o pa, devlope « konesans fonemik » yo epi « prensip alfabetik » la — ki vle di : konesans sou envantè fonèm ki nan lang kreyòl la e ki jan fonèm sa yo koresponn ak lèt nan alfabè a.

Epi tou, nou chwazi non lèt alfabè kreyòl la yon fason pou alfabè pa nou an ka mèt tèt li olye pou l rete nan chenn makonnay ak alfabè franse a — yon makonnay ki konn kreye twoub nan lespri ti moun yo pa rapò ak idantite lang kreyòl la (kòm ki dirè lang kreyòl la se ta yon « franse mawon » ki bezwen « amelyore »). Lè fwontyè a klè ant alfabè kreyòl la (ki gen transparans yon alfabè fonemik) ak alfabè franse a (kote òtograf la baze sou etimoloji), sa ede ti moun yo idantifye 2 lang ofisyèl peyi a kòm 2 sistèm endepandan kote chak sistèm gen pwòp règleman pa yo. E kòm edikatè, nou byen konnen ki jan chante sou bèl kadans nan kilti lokal k ap fè ti moun yo danse ka fasilite aprantisaj. Se kon sa zouti mizikal sa a pou alfabè lang kreyòl la ka ede ti moun yo aprann lekti ak ekriti nan kè kontan, pandan y ap danse tanbou, pandan y ap chante rit ke yo deja konnen nan lakou yo.

Lè m te premye pataje Chante Alfabè Kreyòl La ak kòlèg mwen yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) depi an 2015, repons Akademisyen yo pa te twò ankourajan. Gen yon Akademisyen ki te di m chante a sonnen « twò afriken » ! Gen yon lòt Akademisyen ki te di kon sa : fè alfabè kreyòl la « demakonnen ak [alfabè] franse [se] yon deklarasyon lagè ant lang kreyòl ak franse nan peyi a ».

E poutan, analiz mwen te klè sou pwen sa a ki se yon pwen kle ki chita sou fondasyon syans lengwistik ak syans edikasyon : « demakonnen ak [dominasyon] franse » se sa menm ki nesesè pou pifò ti moun yo ka vin maton nan lekti ak ekriti nan lang manman yo ki se kreyòl. Wi, fòk nou demakonnen alfabè kreyòl la pa rapò ak non lèt alfabè fransè a (tankou non lèt ‘g’, ‘r ’ , ‘w’, ‘y’) paske non lèt franse sa yo (« je », « èr », « double ve », « i grèk ») depaman nèt pa rapò ak son lèt nan alfabè kreyòl la. Ki vle di : fòk alfabè kreyòl la demakonnen nèt ak non lèt alfabè franse si n vle pou alfabè kreyòl la rive mèt tèt li e si n vle pou non lèt nan alfabè kreyòl la deklannche konsyans fonemik aprenan yo konsènan korespondans ant lèt ak son nan alfabè kreyòl la. Se pou sa menm Chante Alfabè Kreyòl La bay lèt sa yo non kote nou ka tande son lèt la klè : « Ga », « Ra », «Wa », « Ya ».

Kounye a, an n evalye chante alfabè kreyòl sou CD M. Johnny Antoine lan — yon zouti ki jwenn sipò nan AKA, MENFP ak EducaVision ki se konpayi Akademisyen Féquière Vilsaint ki te yon manm Komisyon Syantifik AKA ke m t ap kowòdone a. Komisyon Syantifik sa a te fè yon kokenn chenn travay analiz sou grafi kreyòl la. Men, chante M. Antoine lan vin makonnen alfabè kreyòl la ak alfabè franse a. Nan analiz mwen, makonnay sa a pa fouti ede nan devlòpman konsyans fonemik ti moun yo alòs ke konsyans fonemik sa a se yon engredyan ki endispansab nan aprantisaj grafi kreyòl la.

An n gade yon echantiyon erè nan chante sa a. Chak nan erè sa yo chita sou yon chwa ki fèt nan makonnay ak lang franse, epi chwa sa yo vin vyole swa prensip transparans fonemik ki nan fondasyon alfabè kreyòl la, swa chapant fonoloji lang kreyòl la.

KI JAN NOU DWE RELE GRAFÈM ‘NG’ AN KREYÒL ? An patan, fòk nou reyalize digraf tankou ‘ng’ (ansanm ak digraf ak trigraf ‘an’, ‘en’, ‘ou’, ‘on’, ‘oun’ e latriye) se yon grenn son yo reprezante. Ki vle di : menm si ‘ng’ gen 2 graf ladan (« n » ak « g »), 2 graf sa yo makonnen pou yo kreye yon grenn grafèm ‘ng’ ki mache ak yon grenn son ki se konsòn final nan mo « zing » (egal : ‘z’ ‘i’ ‘ng’). Son sa a, nou reprezante l ak senbòl /ŋ/ nan alfabè fonetik entènasyonal. Malerezman, nan chante M. Antoine lan, non lèt ‘ng’ lan se « èn je » (2 non lèt ki soti nan alfabè franse). Ki fè non ke M. Antoine chwazi pou grafèm ’ng’ sa a pa gen okenn relasyon ditou pyès ak son ke n tande nan konsòn final nan mo « zing ». Nan Chante Alfabè Kreyòl pa nou an (Mandaly Claude Louis-Charles, Michel DeGraff ak Bemol Telfort) non ke n bay ‘ng’ se « ang » kote vwayèl /a/ sèvi kòm sipò pou pwononsyasyon grafèm ‘ng’. La tou, Chante Alfabè Kreyòl La ede ti moun yo tabli bon jan korespondans ant lèt ak son.

KI JAN NOU DWE RELE GRAFÈM ‘Y’ AN KREYÒL ? Nan ka sa a tou, chante alfabè M. Antoine lan vin dekonekte non lèt la pa rapò ak son lèt la bay an kreyòl. Chante li a fè yon chwa ki soti nan non lèt ’y’ nan alfabè franse a : « i grèk ». Non sa a (« i grèk ») pa gen okenn son ladan ki koresponn ak son lèt ‘y’ nan alfabè kreyòl la. Sa se yon egzanp klè kote chwa frankofil sa yo (tankou « i grèk » pou ‘y’), ki donk chwa ki baze sou etimoloji lang franse a, pa fouti ede ti moun ann Ayiti tabli bon jan korespondans ant non lèt ak son lèt an kreyòl. Nan Chante Alfabè Kreyòl pa nou an, non ke n bay lèt ’y’ se « Ya » kote premye son nan non lèt la koresponn dirèk dirèk ak son lèt la.

KI JAN NOU DWE RELE GRAFÈM ‘R’ AN KREYÒL ? La tou, chante alfabè kreyòl M. Antoine lan vin makonnen ak alfabè franse a : se non franse « èr » M. Antoine bay lèt ‘r’ an kreyòl. Malerezman, non« èr » sa a ka lage pifò ti moun yo nan difikilte paske pifò moun ki pale kreyòl an Ayiti pa gen son /r/ sa a nan fen silab. Nathalie Cerin te deja analize pwoblèm sa a nan yon atik li te pibliye nan Woy ! Magazine sou Chante Alfabè Kreyòl La. Ki donk, pifò ti moun yo pral oblije fè gwo jefò pou yo rive pwononse /r/ sa a ki nan non lèt « èr » nan chante M. Johnny Antoine lan alòs ke chante a ta sipoze ap ede ti moun yo antre fasil nan pwosesis pou yo devlope konsyans fonemik yo pou yo rive tabli bèl korespondans ant lèt ak son. Nan ka non « èr » sa a, chante alfabè M. Antoine lan vin kreye yon pwoblèm initil pou ti moun yo : pifò nan vokabilè oral pifò ti moun ann Ayiti pa gen mo ki gen /r/ nan fen silab. Ki donk, non « èr » sa a pa konfòm ak chapant fonoloji lang manman ti moun yo. Ki vle di : pifò ti moun yo pral gen pwoblèm pou yo pwononse non « èr » sa a ki soti nan lang franse a. . Se kon sa chante M. Antoine lan vyole yon prensip fondamantal nan edikasyon ki mande pou n sèvi ak sa ti moun yo deja konnen (egzanp : vokabilè oral ti moun yo) pou n anseye yo sa yo pa ko konnen (egzanp : prensip alfabetik ki pou tabli relasyon ant lèt ak son). Se prensip fondamantal sa a ki fè Mandaly ak mwen te chwazi non « Ra » pou lèt ‘r’ nan Chante Alfabè Kreyòl La paske non sa a byen aliyen ak chapant silab (egal : konsòn epi vwayèl) ke ti moun yo deja konn pwononse alèz ; epi premye son nan non lèt la mache ak son lèt la.

Nan atik Mandaly ak mwen ekri a, nou pataje analiz syantifik detaye sou divès rezon ki te fè n chwazi non lèt sa yo pou Chante Alfabè Kreyòl La : « A An Ba Cha Da E È En Fa Ga Ha I Ja Ka La Ma Na Ang O Ò On Ou Oun Pa Ra Sa Ta Ui Va Wa Ya Za… ». Se menm non lèt sa yo ki te vin sèvi, an apre, nan chante « BICsyonè » BIC Tizon Dife. Chante BIC la tou demontre ki jan non lèt sa yo byen chita nan chapant lang kreyòl la sou bèl rit mizik lakay.

AN FINAL

M espere kritik sa a ava ede tout edikatè ansanm ak otorite nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), e latriye apresye avantaj bab e moustach ki deja nan alfabè fonemik lang kreyòl la. Grafi kreyòl la pa bezwen kalite « amelyorasyon » degrenn gòch ki nan pwopozisyon Akademisyen Christophe Charles ak Akademisyen Rogéda Dorcé Dorcil. Epi tou, lè n ap kreye zouti tankou chante alfabè ki pou ede ti moun yo antre djanm nan aprantisaj lekti ak ekriti, zouti sa yo dwe respekte chapant fonoloji lang lan ansanm ak chapant alfabè kreyòl la ki deja tabli yon bèl korespondans ant lèt ak son. Sa se rezon prensipal ki fè fòk nou korije erè ki nan chante alfabè M. Johnny Antoine lan — yon chante ki genlè deja ap sèvi nan pwogram MENFP yo.

An tou ka, nan dènye paragraf atik li a, Akademisyen Christophe Charles mande pou gen deba sou pwopozisyon li yo konsènan « amelyorasyon » grafi kreyòl la. Enben, m aksepte envitasyon sa a. Epi pandan n ap tann suit deba a, an n kenbe lespwa ava gen Akademisyen ak lòt konpatriyòt nan sosyete sivil la k ap rive jwenn kouraj ak enfliyans pou yo ede AKA ak MENFP ranpli misyon yo sou fondasyon syantifik ki solid. Se fondasyon syantifik sa yo ki ka ede otorite yo evite tonbe nan pyèj frankofoni k ap vin fè ti moun yo tonbe nan pèlen pwopozisyon frankofòl.

Kòm Akademisyen, kòm Ayisyen, kòm kreyolis, kòm lengwis e kòm edikatè, mwen rekonèt AKA gen yon misyon ki nòb anpil malgre defi ki devan li yo. Ki fè n oblije kenbe lespwa enstitisyon sa a ava rive jwenn kapasite teknik ak entegrite pwofesyonèl ki nesesè pou n rapousuiv deba sa yo sou fondasyon ki solid jouk nou rive reyalize misyon AKA pou byennèt pèp souvren an — yon pèp ki te rive kraze chenn METAL esklavaj depi 1804. Kounye a se chenn MANTAL yo pou n fin kraze nèt. Se byen sa Anperè Jean-Jacques Dessalines te mande lè l te ban nou pinga kont « la pipeuse éloquence des proclamations [des] agents [de la France] » paske li te reyalize « le nom français lugubre encore nos contrées ». Nan dosye lengwistik lang kreyòl la, se grafi lang kreyòl la ki toujou an ba malè pandye enfliyans lang franse ak frankofoli.. Ki donk fòk nou ret veyatif devan ideyoloji k ap devalorize lang nou ansanm ak tout sa nou ye. Sa se yon estrateji ki nesesè nan bati yon nasyon ki endepandan tout bon vre e ki dwe devlope san fòs kote.

Grenadye, Grenadyèz, ALASO !

BIBLIYOGRAFI :

N ap jwenn piblikasyon pa m nan paj sa yo :

http://mit.edu/degraff
https://linguistics.mit.edu/linguistics_haiti/
http://facebook.com/micheldegraff
http://twitter.com/micheldegraff
http://instagram.com/micheldegraff

Epi tou, si n tape tit sa yo nan Google n ap jwenn pi plis enfòmasyon sou òtograf lang kreyòl la ak lòt koze enpòtan nan dosye sa a :

« Atlas Linguistique d'Haïti — Université de Cergy-Pontoise »
« MIT-Ayiti.NET : An n konprann chante alfabè kreyòl la »
« BIC Tizon DIfe — BICsyonè — YouTube »
« Chante Alfabè Kreyòl La #2 (Mandaly Claude Louis-Charles & Michel DeGraff) »
« DeGraff denonse dezòd ak koripsyon kap fèt nan Akademi Kreyòl Ayisyen »
« Dehaene : Apprentissage de la lecture / DeGraff : Kreyòl kòm meyè zouti pou aprantisaj ann Ayiti »
« DOI | Haiti and the Atlantic World »
« Èske senbòl alfabè kreyòl yo merite nouvo non ? »
« La nation haïtienne et l'État — Jean Casimir »
« Liste des graphies des phonèmes du français »
« Premye rezolisyon sou òtograf kreyòl ayisyen an »
« Problématique linguistique en Haïti et réforme éducative : quelques constats »
« Propositions pour améliorer la graphie du créole-haïtien »
« Quel programme de lecture en primaire »
« Semi-voyelle »
« Transparence orthographique »

Michel DeGraff
MIT Linguisticshttp://mit.edu/degraff
Inisyativ MIT-Ayitihttp://MIT-Ayiti.NET

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages