Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

SOLIDARITE NAN BATAY KONT KOWONA VIRIS – KOVID19

Rasanbleman Sosyalis pou yon Inisyativ Nasyonal tou Nèf Pati RASIN Kan Pèp La
SOLIDARITE NAN BATAY KONT KOWONA VIRIS – KOVID19

Nan mitan batay sa a, an nou prepare nou pou manman batay la : chavire sistèm kapitalis la pandan n ap anpeche gouvènman defakto moyiz-jout la pwofite kriz la pou mete peyi nou an nan plis tchouboum

Sekretarya Egzekitif Nasyonal Pati RASIN Kan Pèp La, voye tout solidarite l bay moun kowonaviris la deja frape. Nou espere y ap geri pi vit posib. Pati a fè solidarite ak plis pase 56 mil ouvriye Jovnèl Moyiz lage nan chomaj. N ap salye  tout travayè fanm kou gason k ap chache lavi chak jou nan lari a.

Nou t ap tande diskou Jovnèl Moyiz la pou l te anonse san okenn presizyon, 2 ka kowonaviris yo idantifye nan peyi a. Sou baz sa a, prezidan an anonse  yon seri desizyon, pifò ladan yo pa kadre ak reyalite peyi a. Nou kwè se diskou tèt anba Jovnèl Moyiz la menm ki lage panik jeneral nan peyi a.

Youn nan desizyon sa yo se fèmen faktori, san li pa egzije patwon yo peye ouvriye yo tout jou yo pa travay. Nan dezyèm diskou prezidan an di :patwon ak sendika yo pral chita pou gade ki mekanis y ap pran pou rezoud pwoblèm lan. Alòske premye minis lan di : « Se mwatye salè patwon yo dwe peye ouvriye yo ». Gen yon gwo konfizyon nan pawòl 2 chèf sa yo. Epi tou, mwatye nan yon salè mizè pa ka fè anyen pou tan ouvriye yo ap chita lakay yo. Dayè nou pa konnen pou konbyen tan. Prezidan an pa di ki dispozisyon Leta pral pran pou ede ouvriye yo. Lè prezidan an mande pou tout moun rete lakay yo, alòske pi fò moun nan popilasyon an, se chak jou y ap chache lavi nan lari a, li dwe ekspike kijan Leta pral fè distribisyon manje, danre alimantè ak medikaman esansyèl. An reyalite, Jovnèl Moyiz sanble yon ti komik k ap imite sa l tande dirijan lòt peyi ap fè. Diskou Jovnèl Moyiz yo, se yon seri cho medyatik pou kominote entènasyonal la ka ba l kòb pa l nan tout dizèn milya ki disponib pou prete ti peyi yo nan batay kont pandemi a. N ap raple anpil nan lajan sa yo ap ogmante depandans peyi a e y ap fè nou antre pifon nan esklavav renmèt dèt. Nou wè kijan Bank Mondyal refize demann Venezwela sa ki montre se pa yon preyokipasyon imanitè, se pa sove lavi moun ki priyorite men se aplike ajanda enperyalis yo.

Jesyon Gouvènman defakto Moyiz-Jout la inakseptab. Depi mwa janvye yo te gen tan pou antisipe kriz sa a. Tout popilasyon an denonse desizyon ki pat fèmen fwontyè ak peyi Etazini. Manke preparasyon, manke materyèl, manke vizyon, manke òganizasyon, manke serye, manke transparans, manke volonte politik nan repons Leta ayisyen ap bay. Sitiyasyon sa a ka gen gwo konsekans sou lavi moun nan peyi a espesyalman sa ki pi pòv epi pi frajil yo.

Nou pa dwe kite Kowonaviris la vin bloke nèt mobilizasyon ki te vize dechouke rejim kowonpi, delenkan, kriminèl, bandi legal PHTK ak alye li yo. Pandan n ap pran tout prekosyon pou pwoteje lavi nou fòk nou envante nouvo metòd pou kontinye mobilize pou nou anpeche yo chanje konstitisyon 1987 la epi anpeche yo òganize yon eleksyon fo mamit pandan ane 2020 an.  

Se pa nan moman gwo kriz sèlman pou Gouvenman pran pòz l ap kontwole kijan komèsan yo ap ogmante pri tout pwodwi premye nesesite yo. Ogmantasyon sa yo ap fèt regilyèman pou asire boujwazi komèsyal la piye resous peyi epi gonfle pwofi yo san rete. Fòk gen yon politik komèsyal ki kanpe pratik  kriminèl sa yo e ki tabli yon konparezon otomatik ant pri pwodwi yo kote yo achte sou mache entènasyonal ak pri yo mande konsomatè ayisyen yo.

Premye minis san diyite, san pèsonalite a menm, twouve atake moralite pwofesè Nelson Bellamy ki te mete tèt li ankarantèn. Alòske, se youn nan egzanp ki montre gouvènman an pa t pran okenn dispozisyon pou te anpeche viris la antre nan peyi a. Pati a ap pwofite voye yon salitasyon solidarite pou Pwofesè Bellamy. 

Viv solidarite nan batay kont Kowonaviris la !

Batay kont Kowonavis la p ap fè nou bliye batay kont PHTK ak Sistèm peze souse a.

 

Marc-Arthur Fils-Aimé                                                                     Camille Chalmers

Sekretè Jeneral                                                                                  Pòtpawòl

Lien de téléchargement: 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.