Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

KOMISYON ÉPISKOPAL NASYONAL JISTIS AK LAPÈ

KOMISYON ÉPISKOPAL NASYONAL JISTIS AK LAPÈ

{{Nòt pou laprès Komite Egzekitif Jilap sou lavichè ki genyen nan peyi d Ayiti}}

Jou ki 22 fevriye 2008, Komite Egzekitif Komisyon Jistis ak Lapè te reyini, ak delege ki soti nan tout peyi a. Nou te gade ansanm reyalite lavichè popilasyon an ap sibi jounen jodi a. Nou te gade tou divès pawòl k ap pale sou koze a jounen jodi a.

Wi, lavichè se yon reyalite. Pri tout pwodui yo malere bezwen pou viv ap monte. Tandiske moun yo blije fè plis depans pou yo kapab viv e òganize lavi fanmi yo, nou konstate se pa tout salè yo ki ogmante, epi, chomaj la rete yon pi gwo malè toujou. Konsa, lavichè montre aklè ki kalite relasyon ki genyen pami moun, ant gwoup ak klas sosyal ki nan peyi a. Sa k pa gen pouvwa yo pa gen mwayen nonplis pou defann tèt yo. Sa k pa ka òganize yo pa gen mwayen nonplis pou fè tande vwa yo e pou defann dwa yo.

{{Ki kote lavichè a soti ?}}

Nou pa espesyalis nan zafè ekonomi. Men tout moun kapab konprann sa k fè lavichè kapab frape jan l ap frape moun yo jounen jodi a.

· Gaz dyezèl ki t ap vann 93,00 goud nan mwa fevriye 2007, kounye a (fevriye 2008) ap vann 134,00 goud pou yon galon. Depi pri transpò monte, tout pri yo ap monte tou. Gaz la monte poutèt kèk gwo peyi bezwen pi plis enèji ; genyen Etazini k ap fè lagè ; epi peyi yo k ap pwodui petwòl kenbe pwodiksyon an pi ba posib.

· An Ayiti menm, prèske pa gen pwodiksyon lokal ankò. Depi 30 lane, tout gouvènman ki ta p monte youn deyè lòt te neglije pwodiksyon lokal la. Yo t ap swiv dikta peyi etranje yo ki t ap di : pa gen pwoblèm, toujou ap gen manje ki kab sòti aletranje. Men, se pa kado yo fè n.

· Peyizan nou yo pa gen ankadreman, yo pa jwenn okenn èd nan men gouvènman an. Yon fòm edikasyon montre meprize moun andeyò: se nèg gwo zòtèy ki pa konn anyen. Nan bidjè peyi a, apèn yon 4% envèstisman Leta ap fè, se pou mete yon agrikilti toutbon sou pye. Menm ti kras lajan sa a, se pa peyizan yo ki jwenn li.

· Koripsyon ki genyen nan tout aparèy Leta a ak sistèm monopòl nan domèn komès tou ap ankouraje lavichè a.

· Toujou, depi gen kriz ekonomik nan peyi Ozetazini, diyaspora Ayisyen ki lòtbò a nan kriz tou. Gen mwens dola ki vin jwenn moun pa bò isit la. Konsa, nou wè peyi a depandan tout jan.

Devan yon kriz k ap souke tout yon peyi, se sèl yon gwo solidarite ant tout sitwayen ak sitwayèn ki kapab sove n. Men nan solidarite sa a, reskonsablite tout moun pa menm. Epitou, tout moun pa viktim menm jan : gen moun ki merite plis pwoteksyon pase lòt. Yon moun ki genyen 1.000 goud nan pòch li ak yon moun ki gen 100 goud nan pòch li sèlman pa santi pri yon mamit diri menm jan.

{{Sou kesyon reskonsablite yo}}

Nou tande anpil pawòl pale. Pa gen moun ki kapab fè mirak. Okenn moun pa dwe fè mirak. Okontrè, se moman pou moun pran konsyans reskonsablite yo chak genyen. Chak moun ki reskonsab dwe konnen ki kote l reskonsab.

· Nou pa konprann depite ak senatè k ap denonse e pale anpil. Eske yo pa ta dwe vote lwa pito, ki gen rapò ak lavichè a e ki bay Egzekitif la mwayen nan men l pou l aji ?

· Nou pa konprann Egzekitif la k ap esplike sa l pa ka fè. Eske li pa dwe pwopoze pito, fè plan, fikse yon politik ak estrateji, pran mezi ak desizyon pou pwoteje popilasyon an kont move konsekans desizyon lontan yo ak kont konsekans kriz ki genyen aletranje ?

· Chak sitwayen chak jou ap achte. Lè n achte sa k fèt anndan peyi a menm, se yon lòt sitwayen nou bay chans pou travay, pou pwodui e pou reyalize lavi l.

{{Sou pwoteksyon gwoup ki pi fèb yo}}

Komisyon an repete kèk prensip li panse ki enpòtan nan moman n ap viv jodi a :

· Yon sistèm ekonomik pa bondye. Se moun ki fè ekonomi, se pou moun li fèt. Mache a pa sakre. Si mache a pa regle bagay la byen, otorite yo dwe antre ladan l pou korije l, e pou pwoteje viktim yo. Se sa yo fè nan tout peyi rich. Gade tout mezi gwo peyi yo pran pou pwoteje pwòp sitwayen ak sitwayèn yo. Eske mache lib la se sèl pou peyi pòv li dwe egziste ? Li lè li tan pou Gouvènman an konnen peyi a granmoun tèt li. Nan mitan tout kontrent ak presyon ki genyen, li dwe konnen sa k bon pou peyi a.

· Yon gouvènman gen reskonsablite, yo dwe mele nan lavi ekonomik. Li reskonsab pou mete oswa korije règjwèt yo.

- Si pwodiksyon lokal la enpòtan nan peyi d Ayiti, poukisa yo bay sektè agrikòl la sèlman 4% nan bidjè envestisman Leta a pou lane 2007-08 ? Si 60 % moun nan peyi a, se travay tè ki fè yo viv, poukisa pa gen yon politik agrikòl toutbon pou ankadre peyizan yo pou yo kapab pwodui pi plis ? Yon sistèm kredi agrikòl pou peyizan yo se yon vre nesesite.

- Poukisa Leta pa kontwole ONG k ap bay peyizan « manje pou travay » nan sezon plantasyon pou yo kite jaden yo sou kote ? Eske anpil pwogram ijans y ap mete sou pye agòch adwat nan peyi a pa genyen menm rezilta sila a ?

- Poukisa Leta kite gwo dezòd egziste nan zafè tè ki fè peyizan yo pa janm konnen ki lè y ap vin pran tè y ap travay nan men yo ?

- Lè n wè pakèt bon tè agrikòl k ap disparèt anba beton jou apre jou, nou mande : pou ki lè y ap jere e amenaje tè d Ayiti a yon fason kòrèk ?

- Devan « kriz maladi poul ak ze » ki genyen, ki sa k fèt pou re-demare pwodiksyon nasyonal la ? Poukisa Leta pa pran inisyativ pou kreye fèm agrikòl nan chak depatman ? Poukisa yo pa mete an valè pakèt tè Leta genyen nan divès kote nan peyi a ?

- Nan tout peyi ki peyi toutbon, gouvènman yo pwoteje epi mele nan zafè agrikilti. Ki lwa palman an vote deja pou ede peyizan yo ak pwoblèm yo ?

· An n gade deba k ap fèt sou salè minimòm nan (sa vle di : salè ki pi piti ou ka peye yon moun k ap travay nan peyi a) ki 70 goud kounye a pou yon jounen, oswa 1.750 goud pou yon mwa travay ki genyen 25 jou ladan l. Yo te mete yon komisyon sou pye pou etidye kesyon an, men sanble, li pa rive pi lwen pase mete 10 % sou montan an. Sa vle di : 7 goud pou jounen an, 175 goud pou mwa a.

- Depi konbyen ane yo pa t ogmante salè minimòm sila a, pou apre yon 10 lane konsa yo pwopoze pou mete sèlman 10 % sou li ? Se pa ti salè yo ki lakòz « enflasyon » (pou lajan pèdi valè l) jan yo konn di. Okontrè, Leta dwe ak tout fòs li pwoteje kont enflasyon an moun sa yo ki sèlman genyen ti mwayen sa a pou viv.

- Jistis ak Lapè pwopoze pou yo mete sou pye yon lis pwodui tout malere bezwen pou viv ; lè pri sa yo ògmante twòp, lapoula pi piti salè yo dwe ogmante tou, san yo pa bezwen yon gwo deba palmantè sou sa. Se konsa yo fè nan tout lòt peyi. Se sa yo rele « endèks pri pwodui konsomasyon an ».

- Nan kesyon salè, nou fè sonje sa Legliz la montre nan Ansèyman sosyal li. Ak tout detay yon prensip konsa mande, Legliz la di konsa : « Reminerasyon yo bay yon moun pou travay li, dwe asire moun nan jwenn mwayen pou l viv ak fanmi li yon fason kòrèk sou plan materyèl, sosyal, kiltirèl ak espirityèl. » (Kè kontan ak Espwa # 67). Legliz d Ayiti te afime prensip sa a nan lane 1990 (Gade Gran prensip pou moun vin pi moun dapre jan Legliz d Ayiti wè koze a # 29-34).

· Anpil moun te gen espwa pwogram Petwo-Karayib la ta pote soulajman nan zafè pri gaz la koute. Gen jefò ki te fèt pou esplike jan l mache. Men, pou anpil moun koze a manke klè toujou. Epitou, gen lòt enfòmasyon ki dwe bay. Lajan yo mete sou kote pou chak galon gaz ki vann, ki jan yo jere l ? Nan ki sa yo envesti l ? Eske li sèvi pwodiksyon nasyonal la vre ? Si se pa sa, eske se pa yon lòt dèt entènasyonal pou denmen n ap prepare ? Eske menm kesyon sa a pa valab tou pou anpil lòt èd entènasyonal peyi a ap resevwa kounye a ?

· Si gen sakrifis ki dwe fèt pou rezoud kriz lavichè a, se bò kote moun ki genyen pi gwo mwayen pou viv pou y al chèche anvan tout lòt kote. Konsa, sistèm taks ak kontribisyon moun yo dwe peye Leta a dwe kòrèk. Taks yo se yon zouti pou kreye pi plis ekilib ak plis egalite nan mitan sitwayen ak sitwayèn yo. Men, èske sistèm taks ak kontribisyon ki la a kounye a, se sa l ap fè vre ?

Komisyon Jistis ak Lapè pa genyen pouvwa ak reskonsablite politik nan men l. Li pa konpoze ak ekonomis ak moun gwo syans. Nou se sitwayen ak sitwayèn ki nan non lafwa yo vle pran defans sa k pi fèb yo nan sosyete a. N ap tann nan men reskonsab yo vre pwopozisyon ki ede malere yo ak divès pwoblèm sosyal yo genyen yo. N ap tann nan men reskonsab yo yon politik ak yon seri desizyon k ap defann dwa sa k pi fèb yo nan sosyete a. Popilasyon an te bay divès otorite yo reskonsablite, paske li te kwè yo ta kapab ede li jwenn solisyon.

Plizyè bagay mande yon solisyon prese prese : afè travay ak lamanjay, afè sekirite pou lè malere yo bezwen swen lasante nan kondisyon ki aseptab, afè lekòl pou timoun yo, afè sekirite sosyal ak sekirite nan zafè kay kote malere yo rete. Tout bagay sa yo, si n byen gade se dwa moun yo ye.

Tout moun bezwen pote kole nan tan difisil peyi a ap viv. Men se reskonsablite moun politik yo ki pou pataje chay yo yon fason pou se pa sa k pi fèb yo ki dwe pote tout chay la.

{{Komite Egzekitif Komisyon Jistis ak Lapè.}}

{{Original en créole}}

{{Traduction synthétique en français}}

Port-au-Prince, ce 20 février 2008

{{Message du Comite Exécutif de la Commission Nationale Justice et Paix}}

{{Sur la cherté de la vie}}

Le 22 février 2008, le Comite Exécutif de la Commission Nationale Justice et Paix qui est composé des délégués des différents diocèses s’est réuni. La question de la cherté de la vie était au centre des débats.

Nous constatons que les prix des produits de première nécessité augmentent constamment, tandis que seulement une portion des salaires augmente ; le chômage fait ravage. Ainsi la question de la cherté de la vie révèle des relations d’inégalité entre les groupes et classes sociales dans le pays.

Quelques facteurs qui influencent la cherté de la vie

Nous ne sommes pas des spécialistes en économie, mais un nombre de facteurs sautent aux yeux.

· La montée des prix du carburant sur le marché mondial et national.

· L’absence de production locale dans notre pays, suite à la négligence systématique du secteur agricole par les gouvernements successifs.

· L’absence d’encadrement du secteur agricole, qui bénéficie seulement de 4% du budget d’investissement de l’Etat pour 2007-08.

· La corruption et les monopoles commerciaux encouragent la cherté de la vie.

· Les transferts de la diaspora vers Haïti souffrent suite à la crise économique.

Une grande solidarité citoyenne est nécessaire pour répondre aux difficultés aujourd’hui. Mais il faut bien se rendre compte : la cherté de la vie frappe les couches pauvres du pays plus durement. Il faut également distinguer les différents niveaux de responsabilité dans la recherche des solutions.

{{Sur la question des responsabilités}}

Personne ne peut exiger l’impossible, mais chacun doit connaître ses responsabilités et les prendre pleinement au sérieux.

· Au parlement de voter des lois et de créer les dispositions légales de la lutte contre la cherté de la vie.

· De l’Exécutif, on attend une vraie politique et stratégie de lutte contre la cherté de la vie, tenant compte des mauvaises conséquences des négligences du passé et des impositions étrangères.

· Les citoyens, agissant en consommateurs responsables peuvent exercer une influence certaine sur l’économie.

{{Sur la protection des secteurs les plus faibles}}

La Commission Justice et Paix tient à rappeler quelques principes fondamentaux de la vie économique et sociale.

· Tout système économique est et reste une création humaine. Si le marché ne répond pas à son objectif, il faut que les autorités interviennent pour protéger les couches vulnérables. Cela se fait dans chaque pays, même ceux qui prônent le marché libre.

· Le Gouvernement doit intervenir dans la vie économique. Il est responsable pour fixer certaines règles. Des exemples :

- Si la production locale et le secteur agricole qui occupe 60 % de la population sont importants, pourquoi seulement consacrer 4% du budget d’investissement de l’Etat à l’agriculture ? Pourquoi ne pas prévoir plus d’encadrement et de possibilités de crédit pour les paysans ?

- Exercer un meilleur contrôle sur les activités des ONGs et les programmes d’urgence en milieu rural qui pourraient bien décourager le travail productif en milieu rural.

- Intervenir dans la question foncière qui menace la sécurité des paysans sur leurs terres.

- pour finalement freiner le gaspillage systématique de certaines ressources.

- La crise de la maladie aviaire pourrait offrir des opportunités pour redémarrer la production nationale, par exemple par la création de fermes agricoles dans chaque département et la mise en valeur du domaine de l’Etat dans certaines régions.

- Aux parlement de créer les instruments légaux nécessaires pour permettre à l’Etat d’intervenir de manière efficace en faveur du secteur agricole.

· La question du salaire minimum : en ce moment, il monte à 70 gourdes par jour ou 1.750 gourdes pour un mois de travail de 25 jours. Une commission d’étude aurait recommandé, selon des commentaires, d’augmenter ce montant de 10 % : soit 7 gourdes par jour.

- Le salaire minimum n’a pas été ajusté depuis près de 10 ans. Ce ne sont pas les petits salaires qui causent l’inflation. Au contraire, il est du devoir de l’Etat de protéger les plus vulnérables contre l’effet de l’inflation.

- La Commission Justice et Paix propose la création d’un indexe des prix des produits de première nécessité et l’indexation automatique du salaire minimum.

- La Commission rappelle ce que l’Eglise enseigne sur le salaire juste : « Compte tenu des fonctions et de la productivité de chacun, de la situation de l’entreprise et du bien commun, la rémunération du travail doit assurer à l’homme [la personne] des ressources qui lui permettent, à lui et à sa famille, une vie digne sur le plan matériel, social, culturel et spirituel. » (Gaudium et Spes # 67). L’Eglise d’Haïti a confirmé ce principe en 1990 (Charte de l’Eglise d’Haïti pour la promotion humaine # 29-34).

· Les gens avaient mis beaucoup d’espoir dans le programme PetroCaraibe pour juguler la cherté de la vie. Le programme mérite, en dépit des efforts faits, plus d’explication. Surtout, on pourrait se demander comment l’Etat fait la gestion des fonds créés par le programme ? S’ils ne servent pas pour augmenter la production nationale, n’est-on pas en train de jeter les bases d’une nouvelle dette internationale dans un nombre d’années ?

· S’il y a des sacrifices à faire, ceux qui disposent de plus de moyens devraient contribuer davantage. Ainsi le système des contributions et la taxation par l’Etat doit être juste et équitable ; il doit contribuer à une réelle redistribution des richesses dans le pays.

La Commission Justice et Paix n’a pas de pouvoir et de responsabilité politique. Nous sommes des citoyens et citoyennes qui animés par leurs convictions de foi chrétiennes prennent la défense des plus faibles dans notre société.

Nous exhortons les autorités à prendre des décisions politiques qui aident les plus vulnérables à répondre à leurs besoins. C’est la seule raison qui justifie l’autorité et le pouvoir politique dont ils disposent.

Les urgences sont connus de tous : la cherté de la vie et des produits de la consommation de base, la question des soins de santé dans des conditions acceptables pour les plus démunis, la question de scolarité et l’accès aux écoles pour tous les enfants, la sécurité sociale et l’accès à un habitat digne du nom dans des conditions acceptables. Il s’agit finalement de la satisfaction des droits fondamentaux des personnes.

Le pays ne pourra résoudre ce moment difficile sans la solidarité de tous et de toutes. Aux responsables politiques de partager équitablement les charges, parce qu’en ce moment ils pénalisent surtout les plus faibles.

{{Le Comité Exécutif de la Commission Nationale Justice et Paix.}}

Paraf / Signatures :

{Gélin Saintorde et Azarias Dubréus (Nord Ouest) ; Xavier Edwitch (Grand’Anse) ; Vilbrun Luck et Désumé Israck (Artibonite) ; Céné Francklin et Odulson Désarmé (Centre) ; Dagrin Marie-Ange et Lafon Guito (Sud Est) ; Louis Jovenel} { (Nord Est) ; P. Nicolas Valcimond (Nord) ; P. Jn. René Aubin et Boniface Décoste (Sud) ; Chérima Jn-Rivière, Beaubrun Chrislaine, Jocelyne Colas, et P. Jan Hanssens (Comité Directeur National).}

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages