Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

ESKE AYITI REYÈLMAN BEZWEN YON AKADEMI KREYÒL ?

Emmanuel W. VEDRINE (novanm 2009) sur www.potomitan.info

«Pou poze baz yon akademi kreyòl ayisyen: kèk konsèy pratik» se yon atik Tontongi (Eddy TOUSSAINT) pibliye nan revi Tanbou (otòn 2009). Avan m al pi lwen nan krtik sa a, kòm ekriven kreyolofòn ki familye ak «reyalite Ayiti», yon sijè mwen ekri sou li deja nan zèv literè m yo, m ap di Tontongi se youn nan otè ayisyen k ap viv nan vil Boston, ki gen anviwon yon ka syèk depi l ap eseye fè yon travay «konsyantizasyon» ak plim li pou eseye reveye milye entelektyèl ayisyen an nan dyaspora a kou nan manman peyi a, Ayiti.

Avan n antre nan plis detay, n ap di li enpòtan pou salye efò kèk piyonye ayisyen nan domèn «Etid Kreyòl» ki ouvri baryè a pou plizyè moun ki pral fè rechèch nan domèn lan pi devan. Konsa, nou pa ka bliye: (filològ) Jule FAINE, (lengwis) Suzanne COMHAIRE-SYLVAIN (otè ki premye ekri sou «deskripsyon lang nan»), Charles-Fernand PRESSOIR (kreyatè òtograf ki itilize ant 1945 e 1980), Carrié PAULTRE (fondatè Boukan, jounal kreyòl).

N ap di, wi li enpòtan pou (ekriven, chèrchè, lengwis, otè) ayisyen ekri gramè, diksyonè, roman, liv (tout kalite) nan pwòp lang matènèl yo (kreyòl) si yo gen posiblite fè sa, men nou pa kwè fò nou ta rete tann jis nou tounen pwatann «swadizan konesè» k ap pale de kreyòl (an fransè) pou vin fè sa. Prèv la sèke (prèske) tout lengwis ayisyen (alesepsyon Yves DEJEAN1, ak kèk ti grenn ankò) pa ekri an kreyòl pou ta pwomouvwa lang sa a. Piblik ayisyen an poko li travay yo.

Malgre non Pradel POMPILUS pa yon non enkoni nan milye entelektyèl ayisyen e nan rechèch sou kreyòl Ayisyen2, men li te gen anpil opòtinite pou l ta pwodui plis sou kreyòl (e pi presizeman, an kreyòl tou) aprè tèz doktora l («La langue française en Haiti») li prezante Université Sorbonne, kote l enkli yon bon valè leksik kreyòl ki kolekte e analize) ak yon «tèz konplemantè» li prezante ki gen pou tit : «Lexique créole-français»3 (1958). Kòm se fransè ki te «lang ofisyèl» Ayiti alepòk Pompilus t ap anseye, donk li ta prezante konferans li yo nan lang ofisyèl la pou kontinye leve banyè lang fransè a byen wo nan ansyen koloni Lafrans lan, yon bagay ki plè yon «elit tilititi» kote plizyè nan manm li ta itilize «lang achte» a pou distanse yo de «mas pèp la».

N ap di tou, nou pa gen anyen kont lang fransè a Ayiti, men nou ta kont fason yon seri swadizan «entelekyèl» ak lòt moun te konn itilize l pou imilye majorite Ayisyen ki, jis jounen jodiya, poko janm pale l (pase yo pa gen mwayen al lekòl pou ta aprann lang sa a).

N ap di bravo pou Yves DEJEAN (yon lengwis, edikatè, ansyen pè ayisyen konsyan, ki monte desann nan tout rakwen Ayiti, ki viv «reyalite pèp ayisyen», epi ki pran konsyans e ki pran plim li tou pou te tradui e pwodui kèk zouti ki ta ede ak pwojè alfabetizasyon, ki jis jounen jodiya, poko tounen reyalite tout bon (atravè peyi a).

Bravo tou pou defen Paul DEJEAN (frè l) ki pataje menm konsyans sa a, e ki pa t annik kwoke diplòm li pran Sorbonne (nan filozofi ak relijyon) nan panno lakay li, men ki te eseye bay konkou li te ka bay pou pouse lang kreyòl la ansanm ak Yves.

Bravo pou kèk lòt pè, relijye, e layik ki t ap pote konkou pa yo tou jan yo te kapab. Bravo pou kèk manm Sosyete Koukouy (Jan Mapou, doktè Ernst MIRVILLE, elt.) ki pran prizon sou Duvalier poutèt yo t ap pwomouvwa lang ak kilti kreyòl la nana ne 60 yo e ki kontinye pi rèd jodiya nan pwomouvwa lang Desalin nan. Bravo pou Educa Vision (ak fondatè l Fequière VILSAINT, Maude HEURTELOU) ki pi gwo mezondedisyon ayisyen Ozetazini k ap pibliye yon dividal liv an kreyòl, sou kreyòl ak lòt zouti ekriven, chèrchè bezwen. Bravo pou travay enfatigab Kesler BREZAULT (Brezo) nan Monreyal k ape ede nan pwomosyon nan piblikasyon zèv kreyòl depi plizyè ane.

Nou pa ka bliye efò Kaptenn Koukouwouj (Michel-Ange HYPPOLITE) nan Otawa ki montre devouman l nan pwomouvwa lang kreyòl la (atravè liv lekòl l ap pwodui, patisipasyon l sou entènèt la nan pajwèb kreyol.org, ak krtik l ap ekri tanzantan sou zèv kreyòl nan jounal Haiti en Marche). Bravo pou jounalis Carl FOMBRUN nan Miyami ki bay kreyòl la plas li merite nan laprès dyaspora a. Bravo pou devouman Guy S. Antoine ki pami piyonye ki eseye blayi kreyòl la sou entènèt la atravè pajwèb li, windowsonhaiti.com. Bravo pou devouman Pwofesè Marc PROU (ki fonde premye Enstiti Kreyòl nan University of Massachusetts-Boston (sa gen yon ventèn ane), e k ap ede lòt inivèsite nan zòn Nouvèl Angletè (kouwè Brown University), mete sou pye pwogram ki an rapò ak lang e kilti ayisyen.

Nou pa ka bliye wèbmastè (potomitan.info), Francesca PALLI, ki depi kèk ane, konsantre tout enèji l nan ede (ekriven, chèrchè, atis peyi kreyolofòn yo) mete sou entènèt la (atravè pajwèb Potomitan.info) yon dividal dokiman pou fasilite rechèch sou lang ak kilti kreyòl. Nou pa bliye efò Pierre-Roland BAIN (Monreyal) prezidan KEPKAA (Komite Entènasyonal pou Pwomosyon Kreyòl ak Alfabetizasyon) ke l ede fonde, kote gwoup sa a konsakre tout mwa oktòb la (Mois du créole à Montréal) pou selebre lang ak kilti kreyòl. E bravo pou tout sa yo k ap fè efò nan dyaspora a kou anndan Ayiti pou eseye bay lang kreyòl la plas li merite nan sosyete a.

N ap di li enpòtan pou gen «tradiksyon» (ki ka kouvri plizyè volè, enkli «zèv klasik» yo). Tradiksyon ka ede nan devlopman yon lang (si n ap gade kijan Fransè yo te tradui zèv kle ki te egziste an laten ak grèk, kote y adapte e remanye anpil ladan yo pou anrichi lang fransè a). Wi, tradiksyon enpòtan pou ede evolisyon lang kreyòl la, e pou anrichi l ak dokiman literè sou tout fòm. Nou dwe ankouraje sa.

Konsènan «Pri Akademi Kreyòl Ayisyen» Tontongi mansyone, ki ta ka desène chak ane oubyen chak 2 ane pou zèv entelektyèl, n ap di bon, pa gen pwoblèm pou ta kreye youn. Men lè n konnen kijan koze «magouy» la egziste nan tout nivo Ayiti, lè n konnen zafè «moun pa», koze «kilès ou ye», ki «siyati ou» elt., n ap di pito: ann ankouraje moun pwodui an kreyòl sou tout fòm, e nan tout domèn (ou disiplin) pase gen moun yo konn bay yon pri yo pa merite. E koze «pri» konn yon koze tèt chaje, jalouzi, dekourajman. Jean-Paul SARTRE, filozòf e ekriven fransè, te fè yon bèl jès lè l te sentre ren l pou rejte Pri Nobèl Akademi Lasyèd te ba li pou literati.

Nan atik Tontongi a, li sijere «Prix Yves DEJEAN», malgre misye vivan toujou (an 2009), men pou nou ki familye ak travay li, devouman l, rèv li pou ta wè kreyòl antre danble nan edikasyon Ayiti, n ap di non Yves Dejean trè enpòtan pou n ta mansyone nan tout vrè travay ki ta gen pou wè ak kreyòl. An menm tan tou, nou pa ka bliye yon dal lòt moun (ayisyen kou etranje) avan Dejean ki te fè kèk efò pou leve banyè kreyòl la. Tontongi pa bliye mansyone non Felix MORISSEAU-LEROY, youn nan piyonye (pami premye ekriven) ayisyen ki pwodui yon literati nan lang natifnatal la, e yon ekvriven anpil kritik ayisyen ta bay non jwèt «dwayen literati kreyòl la». Tontongi panse fò ta gen yon pri ki pote non gran ekriven sa a.

«Akademi» an jeneral pa fè yon lang vanse, okontrè li ka koze reta nan evolisyon l si n ap pran an konsiderasyon «politik lengwistik» yon akademi ka genyen dèyè tèt li, tout pale anpil ki pou fèt kote n ka enkli «dezakò» ant manm menm akademi an, e entelektyèl ayisyen non sèlman pa leve nan yon kilti ki valorize «travay an gwoup» men tou, posiblite pou gen chire pit antre yo trè wo, epi derespekte youn lòt, kote anpil fwa yo ka kite emosyon pote y ale.

Ameriken pa janm pale oubyen met anfaz sou yon «akademi lang anglè» isit, Ozetazini, gen sa yo rele Publishing House ou «mezon piblikasyon» an kreyòl, gen Academy of science ou «akamemy syans», an kreyòl, elt. Gran mezondedisyon ameriken k ap pwoudui bon jan diksyonè, leksik, gramè (tanzantan) ki sèvi kòm zouti «referans», «estanda» pou moun k ap ekri anglè (pase pa bliye, gen yon «anglè estanda» (yon fòm fòmèl ke tout moun suiv nan dokiman k ap ekri ou pwodui ke tout moun pral li). Yo pa rejte nonplis fòm «familye», «espresyon idyomatik» (ki ka fè pati de «langaj popilè» tout moun esprime yo ladan avè «slang» men toujou gen «kontèks» kote youn ka prime (domine) sou lòt oubyen pou fè yon ide pase nan yon langaj konpreyansib.

Vrè «laboratwa» lang, se pèp la (sa y ap pale chak jou, nouvo mo ou mo nouvo y ap kreye ou itilize, kote mo sa yo pase aladous nan anviwonnman nan. Eske nou te konnen «Kwabosal» se pi gwo laboratwa lengwistik ki egziste Ayiti? Anpil nan nou ka ri sa, men se la yon dal nouvo mo ou mo nouvo kreye epi pase aladous nan popilasyon an avan y al jwenn jounalis. Anpil fwa, jounalis jis rapòte yo nan entèvyou yo fè ak machann, ou ak moun nan lari. Nou ta sezi tande mo anglè ki (antre) nan kreyòl si n al fè yon rechèch Pòtoprens jounen jodiya.

Yon akademi kreyòl ta rete plis nan fè tilititi, filozofe, pale anpil (si y ap asepte tèl mo, espresyon ou pa … patati patata …) epi pandanstan, mas pèp la gen tan itilize mo sa a ou espresyon sa a lontan pou l esprime yon «konsèp kèlkonk».

Mwen raple m mo anglè «e-mail», kijan Academi Française t ap pale anpil de li (an 1997), si yo dwe asepte l ou pa (paske se yon mo anglè) epi menm mo sa a te gen tan nan bouch tout ti Fransè («J’ai reçu son e-mail», etc.). Kanadyen fransè ki bon nan envante mo, te gen tan envante «courriel» (courrier electronique) lontan ki kreyolize «kouryèl» (tèm kout pou «kourye elektwonik» ki sinonim imel (ki kreyolize atravè konvèsasyon Ayisyen (k ap viv Etazini, Kanada).

Yon «akademi kreyòl Ayiti» pa ta janm rive fèt fasil nonplis paske lè n konn leta ayisyen poko reyèlman montre enterè nan anyen ki ta an rapò ak edikasyon e pwomosyon lakilti. Yon bèl egzanp nou ka pran se lè nou voye je n sou pajwèb Anbasad Ayiti nan Wachington pou gen yon ide nan ki lang dokiman yo ye. Donk sa ban nou deja yon reflè de reyalite lengwitik la Ayiti (an tèm «iresponsablite leta»). Bagay yo klè kou jou: nou pa bezwen nan voye wòch kache men. Tout blofè ayisyen ki pran yon doktora nan «Syans pa konn fè anyen» oubyen nan «Syans grate santi» nan peyi blan t ap vin kale kò yo, ranse sou kreyòl an fransè. Men yo pa t ap vin chita ansanm ak entansyon pou:

1. Bay ide pou ekri liv, pwodui materyèl lekòl, materyèl pou alfabetize «gwo pèp la» nan lang manman l, pwodui tout sòt materyèl pou ta gen «yon pwogram bileng solid» ki respekte itilizasyon toude lang yo.

2. Yo pa ta pral andeyò nan pwovens, nan mòn yo pou ede nan alfabetize rès pèp ki poko janm gen mwayen al lekòl, ki pa gen aksè a dokiman pou li nan oken lang, ki prè pou bay pitit li kòm restavèk lè yo pa gen oken mwayen ti inosan sa yo.

3. Yo pa ta pral bay ide kijan pou kreye «sant resous» (ti bibliyotèk nan tout lekòl, nan tout kominote) pou ekipe yo ak dokiman dekwa pou ede timoun lekòl.

4. Yo t ap kontinye ranse sou kreyòl (an fransè), san aprann teknik pou pwodui tèks an kreyòl, san pwodui oken dokiman kreyòl pou ta mete gratis ti cheri sou entènèt la dekwa pou tout kote Ayiti, pou tout lekòl Ayiti ta gen aksè li yo gratis epi enprime yo pou mete nan ti bibliyotèk.

5. Yo ta pi enterese nan «bidjè» yon tèl «enstitisyon pote non» oubyen yon «enstitisyon gato gèp» (ki pa ka fè siwo), «yon enstitisyon zonbi» (pa egz., konbyen milyon dola vèt akademi sa a ta bezwen, konbyen milye dola vèt yo ta touche kòm «espesyalis nan syans grate santi» ou «espesyalis nan syans pa konn fè anyen».

6. Yo pa ta enterese konnen kijan Pwof. Albert VALDMAN (Fransè dorijin) mete sou pye pi gwo Enstiti Kreyòl nan Indiana University4, Etazini (k ap fonksyone depi kòmansman ane 60 yo), kote yo premye anseye kreyòl ayisyen nan inivèsite (epi lang sa a, yo poko janm anseye l a nan swadizan «Ivèsite Ayiti» jis jounen jodiya), ki la pi rèd ap fonksyone jounen jodiya e gras a dokiman ki ladan mwen revize, sa ede m rive mete sou pye pi gwo bibliyografi sou sa k pibliye sou kreyòl ayisyen (An Annotated Bibliography On Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000). Poudi yo ta enterese nan devouman Pwof. Bryant FREEMAN, ki mete sou pye Kansas Institute of Haitian Studies nan Kansas University e k ap feraye tou nan piblikasyon gwo diksyonè pou pwomouvwa kreyòl Ayisyen?

7. Poudi yo ta enterese nan istwa (ansyen) Centre d'Etudes Créoles de l'Université de Provence (Aix-Marseille I) ke gran kreyolis fransè, Robert CHAUDENSON fonde? Kolaborasyon etwat defen Guy Hazaël-Massieux (lengwis gwadloupeyen) ak Marie-Christine HAZAEL-MASSIEUX (lengwis, fransèz) pote, fè sant sa a mache (kote Marie-Christine te jwe tou, wòl redaktris an chèf Revue Etudes Créoles R. CHAUDENSON fonde, prezide epi anime pandan 30 ane Comité Internnational d'Etudes Créoles).

8. Poudi yo ta enterese klike sou pajwèb potomitan.info pou wè travay Prof. Jean BERNABE (lengwis matinikè) ak ekip li a: «GEREC mete sou entènèt la pou pwomouvwa kreyòl ti zantiy yo, pou te jwenn plas yo tou nan “CAPES» la, epi pou Ministè Edikasyon peyi Lafrans te rive rekonèt yon Capes créole (menm jan sa fèt pou tout lòt lang y ap anseye nan segondè an Frans)? Poudi yo ta enterese voye yon koudèy sou zèv estraòdinè pwofesè Raphaël CONFIANT (ekriven matiniken, koni o nivo entènasyonal) ki pwodui an fransè kou an kreyòl yon dividal tèks?

9. Poudi yo ta enterese gade pi gwo bazdone kreyòl E. W. Vedrine Creole Project blayi sou entènèt la gratis ti cheri (depi 1998), edite l tanzantan dekwa pou ede ekri atik, diksyonè, gramè, liv, rechèch an kreyòl trapde, pou ede jwenn referans, e pou ede ak rechèch lengwistik konpitasyonèl sou lang kreyòl la (lè n konn enpòtans sa genyen ak teknoloji jounen jodiya).

10. Poudi yo ta enterese konnen efò kèk gran inivèsite nan lemonn fè e kontinye ap fè pou estoke yon kokenn bazdone referans sou lang kreyòl nan lemonn dekwa pou ede elèv nan inivèsite sa yo k ap fè rechèch sou lang kreyòl yo (pami yo, Stockholm University nan peyi Lasyèd)? Pandanstan, Inivèsite Ayiti poko menm gen yon pajwèb sou kreyòl, alevwa yon «sant resous» kòrèk ki ekipe ak dokiman sou kreyòl e an kreyòl pou ede elèv k ap etidye lengwistik (depi anviwon 40 ane).

«Potansyèl wòl inivèsite» se yon lòt pwen Tontongi touche nan atik li a, men youn ki toujou an rapò ak yon «akademi kreyòl» kote l refere a sa kèk lòt moun di : «… pwofesè Deshommes souliye ‘yo rekonèt kreyòl la [jodia] kou lang e objè ansèyman depi Refòm Bernard la; ensèyman siperyè mete kò l nan bagay la avèk kreyasyon Faculté de Linguistique Appliquée [Fakilte Lengwistik Aplike] nan sen Inivèsite Deta Dayiti».

Men kesyon nou ka poze Tontongi se : Ki inivèsite? Kisa Fakilte Lengwistik Aplike reyèlman pwodui (apre plis pase 30 ane egzistans li kote jounen jodiya li poko menm gen yon pajwèb fonksyonèl, yon bagay ki pi senp pou estoke dokiman rechèch, pou bay moun k ap fè rechèch aksè jwenn referans trapde) e pou ede nan devlopman lang kreyòl la? Nou remake Tontongi rate enfòmasyon sansib sa a ki yon engredyan enpòtan nan «reyalite Ayiti» n ap pale a.

Si n ap pale de «inivète nan peyi d Ayiti», fò n serye sou sa. Sa poko egziste vrèman vre. Si n di sa egziste, donk fò n ta al gade «wòl li», fò n ta al reli kèk filozòf kouwè Ortega y Gasset sou «La mission de l’université». Wi, gen kèk Ayisyen konsyan ki ta renmen wè yon «vrè inivèsite Ayiti». Mwen pa konnen si m ap gen tan wè youn avan m fèmen jè m sou tè sa a, men se rèv mwen pou m ta wè youn tout bon. Wi se rèv mwen pou m ta wè youn k ap pibliye revi syantifik chak 3 mwa, chak 6 mwa … (nan tout domèn).

Se rèv mwen pou ta wè youn ki gen yon bibliyotèk tankou nenpòt inivèsite aletranje ki rele «inivèsite». Wi, youn ki gen yon bibliyotèk tankou bibliyotèk UNAM (Universidad Nacional Autonoma de México) kote mwen te gen chans vizite pandan pakou rechèch mwen nan peyi Meksik. Wi, mwen ta renmen wè yon bibliyotèk ki gen tout referans ak òdinatè (konpwoutè) pou lokalize materyèl e pou estoke materyèl rechèch. Wi, yon inivèsite k ap pibliye liv ak atik syantifik pwofesè tanzantan, yon inivèsite kote gen pwofesè ki rele pwofesè tout bon vre (pa chalatan blofè k ap grate santi, ki pa konn kijan yo ekri yon atik, kijan yo pwodui yon rechèch).

Wi, yon inivèsite kote lè elèv la diplome yo rekonèt kalifikasyon lisans li an nan nenpòt inivèsite aletranje. Wi, yon inivèsite ki gen laboratwa (nan prèske tout domèn) pou elèv fè esperimantasyon nan branch espesyalite yo dekwa pou yo pa bat pakè pou tout bagay men konprann sa y ap fè a. Jan mwen ta renmen wè yon inivèsite konsa Ayiti Cheri avan m ale nan peyi San Chapo!

Sou «Potansyèl wòl leta», Tontongi di: «Wòl desizif leta ap endispansab nan batisman yon Akademi Nasyonal Ayisyen ki djanm, ki gen vrèman yon karaktè nasyonal, e ki dispoze pou l itilize resous ak puisans leta pou l tabli e fè respekte règ ak estrikti nesesè pou kenbe misyon Akademi an». Nan ti bout paragraph sa a, Tontongi resi vin ak yon pi bon tèm, «Akademi Nasyonal Ayisyen» men nou pa bezwen fòseman yon «akademi kreyòl». Poudi nou pa gen yon ti ide deja de ‘potansyèl wòl leta asyiyen’ nan 200 ane ki sot pase yo depi Ayiti pran endepandans li? Nan kad sa a, nou wè wòl (majorite) leta Ayiti ta:

1. Taye banda sou pouvwa, epi fè mannèv matyavèl pou kenbe l nèt ale si l posib (yon filozofi matyavèl (Niccolò Machiavelli: jan w monton w monte epi tou rete).

2. Piye kès leta (san pèdi tan).

3. Vòlè ase lajan pou plizyè jenerasyon epi mete kòb sa a nan peyi etranje (pou Ayiti pa gen aksè a li).

4. Kite pèp la kannannan jan l ye a, pa alfabetize l oubyen betize l pito.

5. Pa kreye lekòl gratis pou «pèp gwo zòtèy la» pase edikasyon mennen revòl (kòm Jean Pierre BOYER fè konnen l te fè inivèsite nan Sendomeng tounen kazèn),

6. Pa bay pèp la zouti pou l travay, pa ede l jwenn mwayen pou l travay tè, ankouraje l priye pou lapli tonbe pandan ke dlo ap gaspiye al nan lanmè yon dal kote Ayiti.

7. Ede peyizan kite Ayiti pou al koupe kann Sendomeng, pou al fè tout vye dyòb la … Tonnè krakra, (majorite) leta ayisyen gen potansyèl sa a!

Nan fen atik la, Tontongi mansyone potansyèl wòl ekriven, atis, filozòf ak syantifik yo … kote l di: «Natirèlman, pi gwo potomitan yon akademi se ekriven, atis, filozòf ak syantifik k ap pwodui travay nan sen sosyete sivil la e ki ap anrichi lang kreyòl ayisyen an».

Bon, nou ka di : kèk ti grenn ladan yo gen ti kal konsyans toujou (zòt ap pran nòt de sa) pandan majorite ladan yo pa janm fè anyen pou ede lapatri, pandan majorite ladan yo pa janm panse mete sou entènèt la menm yon sèl chapit nan liv yo ekri, pa menm yon sèl papye rechèch yo ekri (an fransè, anglè, panyòl, kreyòl [si yo ka ekri lang sa a ki lang matènèl la]) nan inivèsite pou ta ede elèv oubyen lekòl Ayiti.

Wi, genyen ki gen potansyèl, men potansyèl pou ekri bèl koze an fransè, nan lang anglè ... , bèl disètasyon zewo fot an fransè (kòm Piram ta di), epi yo pa janm panse fè «ti bibliyotèk tèt gridap leta» (bibliotheque nationale d’haiti «an miniskil» ki chita nan rue du centre, Pòtoprens) kado yon grenn liv pou elèv ta gen aksè li, epo fè ti rechèch.

Finalman, nou panse tout moun ki gen aksè li atik sa, ki yon repons ou reyaksyon a atik Tontongi a sou ‘baz yon akademi kreyòl ayisyen’,va fofile li bay lòt moun. Yo va pran konsyans de reyalite Ayiti ap viv chak jou Bondye mete, epi yo va repanse nan ki mwayen yo menm, yo ka kòmanse mete men nan pat la dekwa pou aprann kreye, aprann pwodui sou tout fòm pou ede nan avansman Ayiti e nan benefis tout pitit li.
Nòt.

1. [DEJEAN, Yves. 1977. “Comment Écrire Le Créole D'Haïti”. Indiana University. Degre (grad): Ph.D. 554 p. + 1 paj CV (curriculum vitae) otè a. Direktè tèz la: pwofesè Albert Valdman. [Nòt : Collectif Paroles (Kanada) pibliye tèz sa a tou (an 1980) sou fòm liv. Pibliksyon lengwistik Yves Dejean yo parèt nan plizyè jounal ak revi (aletranje kou Ayiti). -- Aspè tèz la: Lengwistik (kreyòl) ayisyen; Lengwistik aplike; Amenajman lengwistik; Kreyòl (deskripsyon); Ekriti; Fonetik-Fonoloji. -- «Travay fondamantal sou evolisyon òtograf kreyòl ayisyen: istorik reprezantasyon grafik kreyòl apati peryòd kolonyal, enkli tantativ galo-santrik non sistematik; diskisyon trè fonolojik kreyòl nan pèspektif elaborasyon yon reprezantasyon grafik otonòm a baz fonolojik; jistifikasyon anplwa òtograf Faublas-Pressoir kòm sistèm reprezantasyon adekwa». [Tradiksyon /adaptasyon an kreyòl: Emmanuel W. Védrine, Indiana University. 2000].

2. De liv rechèch Pradel Pompilus pibliye (ki site anpil fwa nan rechèch sou kreyòl):
a) Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haitien: phonologie et lexique (vol. I). Port-au-Prince, Eds. Caraibes.
b) Contribution à l’étude comparée du créole et du français à partir du créole haitien: morphologie et syntaxe (vol.II). Port-au-Prince, Eds. Caraibes.

3. «Lexique créole-français». Unpublished complementary doctoral dissertation, Univesité de Paris (Sorbonne).

4. Enstiti Kreyòl Indiana University Creole Institute. Enstiti sa a la pi rèd ap fonksyone jounen jodiya, e se gras a dokiman ki ladan mwen revize ki ede m rive mete sou pye pi gwo bibliyografi (sou sa k pibliye) sou kreyòl ayisyen (An Annotated Bibliography On Haitian Creole: a review of publications from colonial times to 2000) pase mwen pa t ka jwenn dokiman Ayiti (ki ta disponib) pou konplete yon tèl rechèch.

(E. W. Vedrine, Boston)

N.B. Liv otè a kin an wout: English-Haitian Creole-English Dictionary of Medical Terminologies. Diksyonè Tèminoloji Medikal (anglè – kreyòl ayisyen – anglè) ki gen pou pran lari. Se premye gwo travay rechèch nan domèn nan ki pral ekipe medsen, enfimyè, oksilyè, etidyan an medsin, etidyan nan lekòl enfimyè, etidyan k ap etidye pou vin oksilyè (nèsizèd), moun ki nan rechèch medikal ak moun ki enterese apwofondi konesans yo nan domèn sa a. Diksyonè sa a va sèvi yo yon gwo zouti referans, yon liv tou k ap bay lektè yo apeti li plis nan dokiman rechèch syantifik nan lang matènèl la, kreyòl. Nou envite ou kontakte nou si ou ta vle pote kolaborasyon ladan. Li p ap janm twò ta pase n konnen tanzantan yon diksyonè ka gen nouvo edisyon.

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages