Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL
Diskou reprezantan Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an

ENSTALASYON AKADEMI KREYÒL AYSYEN

Fritz Deshommes
ENSTALASYON AKADEMI KREYÒL AYSYEN

Se nan mwa novanm 2008,  Inivèsite Leta a te fè premye kout  rèl  pou raple sosyete a li lè li tan pou nou monte Akademi Kreyòl Ayisyen an Konstitisyon an kreye depi lane 1987. Se te nan okazyon premye kòlòk Komite Entènasyonal sou Etid Kreyòl t ap realize nan peyi d Ayiti.

Reyaksyon nou te resevwa sou dosye a te fè nou konprann:

  • Anpil sektè ak pèsonalite gen tan pare pou ede kòz la vanse;
  • Se Inivèsite a ki pou ranmase l;
  • Inivèsite a p ap ka pote l pou kont li.

Nou pa t fè tèt di. Pou n derape, nou te jwenn 4 lòt enstitisyon ki vin pote kole ak nou pou n fòme «Komite Inisyativ pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen» an. Yo tou le 4 gen lontan y ap feraye pou lang nasyonal nou an rive jwenn plas li nan sosyete a. Ladan yo nou jwenn Biwo Leta tankou prive, layik tankou relijye, kretyen tankou vodouyizan, …
Se te:

  • Sekreteri d Etat pou Alfebetizasyon;
  • Près Nasyonal d Ayiti;
  • Jounal Bon Nouvèl;
  • Konfederasyon Vodouyizan Ayisyen;

Akote Inivèsite Leta d Ayiti.

Komite Inisyativ la fè premye reyinyon l nan mwa Avril 2009.

San pedi tan, li kòmanse rankontre moun, eksplike sa l vle fè, tande divès kalite lide sou ki sa pou Akademi an ta ye, kijan pou yo ta mete l kanpe, ki moun ki ta pou ladan l, eksetera. Nou pa t pran tan pou n te konprann jan l te nesesè pou n te òganize yon gwo woumble, yon gwo chita pale, kote tout zanmi, tout militan kreyòl, tout espesyalis, tout chèchè, k ap travay sou lang nan oubyen nan lang nan, tout zanmi kreyòl yo, ta dwe rankontre pou diskite sou tout kesyon sa yo.

Si tèlman te gen divèjans nan mitan nou!

Lè m di «Nou»,  m ap pale de moun ak òganizasyon ki gen lontan y ap batay, ki gen lontan y ap travay, ki fè anpil rechèch, anpil etid sou lang lan, ki ede n dekouvri lang nan, konprann lang nan pi byen.

Nan mitan nou te gen diferans, te gen mezantant, te gen enkonpreyansyson. Gen nan nou ki pa t vle tande pale de Akademi ditou ditou. Gen lòt ki ta dakò pou ta gen yon biwo Leta ki okipe zafè lang kreyòl men fòk li pa ta rele Akademi. Gen de zanmi ki dakò ak Akademi an men fòk li pa ta  fonksyone tankou Akademi franse.

Epi anpil lengwis te gen gwo lakrentiv sou yon mo ki parèt nan atik 213 Konstitisyon an: mo «fikse» a. Yo te pè pou Akademi an pa vin yon fwèt pou popilasyon an, pou enpoze l pale, pou di l ki jan pou l pale; epi pou l ta menm konprann se li k ap fè lang nan.

Li te nesesè pou tout zanmi sa yo jwenn yon kote pou yo rankontre, pou yo pale, pou yo diskite, pou yo boukante lide. Paske pou nou mennen kokenn batay sa a, fòk nou pa mache gaye, fòk nou pa pèdi moun.

Komite a pran tan pou l mete premye kominike ofisyèl li deyò. Se te nan mwa Oktòb 2010. Li tou anonse l ap òganize yon kòlòk entènasyonal sou kesyon Akademi Kreyòl Ayisyen an. Li bay tout moun randevou nan yon lane, kidonk nan mwa Oktòb 2011.

Pou nou byen prepare kòlòk la, nou te santi fòk nou laji komite a, fòk nou pi plis, fòk nou pi djanm. Se konsa senk (5) lòt enstitisyon Leta tankou prive, ak anpil pèsonalite deside vin pote kole ak Komite a. Pami enstitisyon sa yo, nou jwenn: Ministè Edikasyon Nasyonal, Ministè Kilti, FLA, SAKS, elatriye.

Kòlòk la fèt 27, 28, 29 oktòb 2011 sou tèm: «Akademi Kreyòl Ayisyen: ki avantaj, ki pwoblèm, ki defi, ki avni?» Plis pase karant (40) espesyalis nan divès domèn lasyans (sosyològ, antropològ, ekonomis, lengwis, doktè, teknològ, edikatè, istoryen, …). Ayisyen kou etranje. Ayisyen nan peyi d Ayiti, Ayisyen lòtbòdlo. Twasan (300) patisipan. Yon kòlòk an kreyòl nèt. Lè w ap gade  save yo k ap depoze tout  gwo lide syantifik sa yo nan lang manman nou an, sa bay kè kontan, sa bay lespwa, sa bay lajwa. Anpil deba, anpil diskisyon, anpil bèl lide sou Akademi an.

Rezilta kòlòk la ale pi lwen pase tou sa n  t ap tann. Se kolok la ki pèmèt nou rezoud epi jwenn konsansis sou yon seri kesyon nou potko janm wè ki jan pou n te manyen yo. Se kòlòk la ki trase wout pou nou kontinye travay sou Akademi an. Se  konklizyon atelye Kòlòk la ki bay oryantasyon Akademi an. Ki sa l dwe ye? Ki jan pou l fonksyone? Kijan pou l òganize? Ki moun kidwe ladan l? Ki sa l gen pou l fè? Nou rive mete n dakò ata sou fason  pou n konprann mo «fikse» a ki nan atik 213 Konstitisyon an. Se Kòlòk la ki ban n pi fò zouti pou n prepare lwa sou Akademi Kreyòl la.

Nou pran yon lane ankò pou n soti ak  premye bouyon lwa a. Paske fòk nou te pran dizon tout moun ki enterese, fòk nou te kontinye reflechi, pale, diskite jis nou jwenn pi bon lide yo ak pi bèl fason pou nou kouche yo sou papye lalwa. Nou mete l deyò nan mwa sektanm 2012, lavèy selebrasyon mwa kreyòl la, dekwa pou n kontinye ankouraje refleksyon sou li.

Se nan mwa oktob 2012, pandan tout pèp kreyolofòn sou latè ap fete mwa lang kreyòl la, Senatè Jean William Jeanty mete ansanm ak  8 lòt kolèg li anndan Sena Repiblik la pou yo ranmase bouyon lwa a, pase men ladan l epi depoze dokiman an sou biwo Palman an pou l vin tounen yon bonjan pwopozisyon lwa. Nou p ap kwè m si m di nou, nan moman sa a, nou jwenn , sou menm bò a, kòtakòt, ap defann menm kòz la,  pèsonalite tankou Senatè Francky Exius, Senatè Andris Riche, Senatè Lucas St-Vil, Senatè Dieuseul Simon Desras, Senatè Maxime Roumer, elatriye. Se pou sa se alawonnbadè tout Sena a vote lwa sou kreyasyon Akademi Kreyòl la nan dat 2 desanm 2012.

Se pral menmman parèyman nan Chanm Depite a: depite PRI met ansanm ak depite PSP pou pwopozisyon Sena Repiblik la vin tounen yon lwa toutbon nan dat 23 avril 2013, premye lwa Palman peyi d Ayiti vote nan lang manman tout Ayisyen.

Lè Pouvwa Egzekitif la te  egzèse dwa Konstitisyon an ba li pou l fè objeksyon, nou p ap kache di jan kè n te kòmanse sote. Men Palman an ban nou yon lòt bèl sipriz. Nan dat 2 jiyè 2013, ni Sena a, ni Chanm Depite a retounen vote menm lwa a, ak menm atik yo, menm jan an, alawonnbadè. 

Epi anfen anfen, jounal Monitè pibliye Lwa sou Kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen an nan nimewo 65 ki pote dat 7 avril 2014. Menmsi se nan dat 23 avril 2014 jounal  te pran lari toutbon.

Apre sa, jwèt pou Komite Seleksyon an. Se gwo  travay Komite sa a ki pèmet nou di maten an: nou gen yon Akademi. Se travay Komite sa a ki  pèmèt nou idantifye  33 fanm ak gason vanyan ki  gen konpetans, kapasite ak devouman pou ede  popilasyon an  egzèse kòmsadwa tout dwa lengwistik li  tout kote, nan tout domèn,  nan peyi d Ayiti.

Se travay komite sa a k ap pèmèt Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an retire kò l jodi a, remèt mayèt la bay Konsèy Akademisyen yo.

Si gen yon leson Komite pou tabli Akademi Kreyol la aprann nan tout pwosesis la, se jan Konstitisyon an gen rezon, lè l raple kreyòl se lang ki simante tout pèp ayisyen an.

Nou pa t ap ka rive kote n ye jodi a si n pa t jwenn kolaborasyon, ankourajman ak bonkonprann anpil anpil moun, anpil anpil pèsonalite, anpil anpil enstitisyon. Depi sou manm Komite yo, yomenm ki toujou kanpe kinalaganach pou reyinyon, pou diskisyon, pou bay lide, pou pwononse konferans, pou fè tout demach ki nesesè. Rive sou manm Komite Seleksyon yo ki met tout nanm yo ak tout kè yo pou yo ban nou kalite travay sa a, nan delè nou te bezwen l la. Li bon pou n raple okenn nan manm komite sa yo pa touche 5 kòb pou travay yo fè yo  

Depi sou nèf (9) Senatè yo ki andose pwopozisyon lwa a, depi sou de (2) branch Palman an ki vote l alawonbadè pandan  de (2) fwa.( Mwen  pa kwè gen anpil lwa nan peyi a ki rive pwovoke kalite tèt ansanm sa a nan toulede branch Palman an, sitou nan yon moman kote gen sitèlman divizyon ki travèse enstitisyon sa a). Depi sou Palman an, rive sou divès ministè ak enstitisyon nan gouvènman an, nan sosyete sivil la, nan lekòl ak Inivèsite. Sankonte pèsonalite, nan Pòtoprens kou nan pwovens, anndan peyi a kou deyò. Sankonte Laprès, jounal, radyo, televizyon.

Anpil moun ap sezi tande yon verite enpòtan: Komite a rive fè tou sa, san l pa t gen anpil lajan. Lè y ap gade sou deyò, lè yo tande pale de nou, yo panse nou chaje ak mwayen. Se pou sa gen kanmarad ki panse nou se ONG, oubyen nou se lòbiyis;  pou jan nou bay enpresyon nou gen resous. Men verite a senp. Se pa lajan, se jefò, se volonte, se  enèji, se tan, se angajman ak bòn volonte anpil anpil sitwayen ak enstitisyon  peyi d Ayiti -  gen nan yo moun pa menm konnen -  ki pote kole ak jenewozite, ak lafwa, ak kouray pou nou rive la a.

Sou kesyon resous la, se sèl Inivèsite Leta a ki fè kon l konnen pou l bay travay komite a jarèt. Men kòm nou konnen jan inivèsite a pòv, nou konprann ki jan komite a toujou nan dekouvri Senpyè pou l kouvri Senpòl. N ap pwofite voye yo gwo kout chapo pou Rektè Jean-Vernet Henry ki pa janm lage Komite a, piti koul ye, menm lè Inivèsite a limenm toujou nan gwo difikilte.

 Antouka eksperyans lan kite anpil gwo leson pou nou. M ap pataje de (2) nan yo ak nou:

  • Lè nou manyen kesyon ki enterese sosyete a toutbon, n ap jwenn koutmen, toupatou, sanzatann, san n pa bezwen anpil lajan;
  • Malgre jan peyi a divize, malgre jan nou toujou an boulvès, toujou gen kèk kesyon ki ka mete n ansanm, ki ka reyini nou, ki ka fè n bliye -  menm pou yon ti bout tan -  tou sa k mete n dozado.

Nan moman nou tout rekonèt  jan peyi a ap travèse yon gwo kriz, èske nou pa ta dwe chache lòt kesyon ki ta ka rasanble n, fè n travay nan tèt ansanm, tankou lang kreyòl la?

Èske Konstitisyon 1987 la ki se sèl dokiman ki te jwenn dizon popilasyon peyi d Ayiti, èske anndan Konstitisyon sa a ki ban nou Akademi Kreyòl la, nou pa ta ka jwenn kèk lòt lide, kèk lot chimen, ki ta ka kontinye rasanble n, reyini nou, ban nou anvi travay ansanm epi mennen n nan menm kè kontan nou Èsanti pou peyi a maten an, nan moman n ap tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an?

Men pou jounen jodi a, an n selebre Akademi nou an. An n di jan nou kontan deske kokenn enstitisyon sa a plizyè jenerasyon (depi dikdantan) travay pou mete kanpe pral louvri pòt li.

An nou rejwi pou gwo pa sa a pèp ayisyen ak tout pèp sou latè ki pale kreyol rive fè sou wout pou libere lang yo, pou libere nanm yo.

Dènye pawol Komite a ap di, anvan l remèt mayèt la se: mèsi, mèsi anpil. Mèsi.
 

Fritz Deshommes
Vis rektè Rechèch

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages