Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Daniel Loriston : Eske leta nan konplisite ak bandi san fwa ni lwa?

Daniel Loriston : Eske leta nan konplisite ak bandi san fwa ni lwa?

Lendi 5 jen 2017 (nouvelpam.com).- Pandan m ap reflechi sou valè sitwayen jenn kou granmoun, fanm kou gason, bandi san fwa ni lwa ap etèn souf yo epi mete dlo nan zye yon pakèt fanmiy, m gen 2 kesyon m poze tèt mwen :
1. Eske leta ayisyen gen volonte pou li mete sekrite nan peyi a pou chak sitwayen santi yo lib pou ale vini nan okipasyon yo, men podyab, leta paka rive fè sa malgre volontel ?
2. Oswa eske leta se konplis bandi, malfektè nan peyi a epi li kite yo fè sa yo vle, jan yo vle ?

Si repons lan se nimewo 1 an, map pwopoze leta kek bagay estratejik li ka fè :
a) jwenn yon antant ak Digicel ak Natcom pou plase gwo kamera long distans nan chak grenn antenn konpayi telefon sa yo.
b. Plase kamera sou tèt chak lanpadè ki gen nan zon metwopolitèn nan.
c. Egzije tout magazen, antrepriz prive ak mezon prive ki gen kouran 24/24 pou yo enstale kamera ki ka pran bon imaj menm nan fènwa, nan zòn estratejik biznis yo ak kay yo. Leta te ka sibvansyone kamera sa yo.
d. Leta ayisyen te ka jwenn yon antant ak peyi tankou kanada, lafrans, etazini pou yo fèl kado omwen 20 wobo polis ke nou te pwal plase nan kèk zòn estratejik ki ka detekte otomatikman yon nèg fè yon krim pou ke a kèlke kilomèt wobo sa ka repere moun sa epi gras a gps trake moun sa nan trajektwa lap fè a.
e. Wobo sa yo te ka tou gen detektè pou repere tout moun ki gen an posesyon yo yon zam ilegal.
f. Leta ta dwe deklare tout moto kap sikile nan kapital la ilegal epi egzije ke chak moto al otantifye epi aparye a yon idantite. Epi konsa chak chofè moto tap pote yon inifom ke leta bay ki gen yon nimewo ki konekte a yon sistèm.
g. Leta ta dwe fè yon kò nan lapolis la soti san inifom. Kote kò sa tap nan lari an sivil epi deplwaye sou tout zòn metwopolitèn nan.

Si w santiw konsene ak ensekirite kap ravaje peyi a, pataje mesaj sa jouskaske l rive anba zye nèg nan leta isit !

Daniel Loriston

 

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages