Accueil
Aimé CESAIRE
Frantz FANON
Paulette NARDAL
René MENIL
Edouard GLISSANT
Suzanne CESAIRE
Jean BERNABE
Guy CABORT MASSON
Vincent PLACOLY
Derek WALCOTT
Price MARS
Jacques ROUMAIN
Guy TIROLIEN
Jacques-Stephen ALEXIS
Sonny RUPAIRE
Georges GRATIANT
Marie VIEUX-CHAUVET
Léon-Gontran DAMAS
Firmin ANTENOR
Edouard Jacques MAUNICK
Saint-John PERSE
Maximilien LAROCHE
Aude-Emmanuelle HOAREAU
Georges MAUVOIS
Marcel MANVILLE
Daniel HONORE
Alain ANSELIN
Jacques COURSIL

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) resi pibliye alfabè ofisyèl lang kreyòl la!

AKA : Piblikasyon Alfabè ofisyèl pou Estandadizasyon lang kreyòl la
Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) resi pibliye alfabè ofisyèl lang kreyòl la!

Nan kad travay kap fèt pou retire konfizyon ak pou bay lang lan jarèt nan mannyè diferan kategori moun itilize li kit nan ekri kit nan pale li, Akademi an pibliye tou kategori vwayèl ak konsòn yo.

Nan kategori vwayèl, nap jwenn vwayèl oral yo, ki bay yon seri son ki soti nan bouch sèlman. Vwayèl nazal yo, bay son ki soti nan bouch ak nan nen.

Nan kategori konsòn yo, nap jwenn konsòn nazal ak konsòn oral. Epi, nap jwenn tou kategori demi vwayèl ak demi konsòn.

Travay sou lang pa janm fasil, sitou lè se yon lang ki te anba dominasyon lòt lang ak lòt kilti.

Menm jan ak anpil lòt lang ki te sibi dominasyon kolonizasyon, jodi a, li enpòtan pou tout ayisyen kap itilize lang lan konsidere avansman kap fèt yo, epi pote kole pou amelyore mòd ekri ak mòd pale li, san nou pa mete sou kote diferans rejyonal yo. Travay ki fèt yo deja eklate anpil deba ak diskisyon. Se nan deba, nan diskisyon ak nan pratike lang lan chak jou, nap rive pwòpte li.

Youn nan bagay ki enpòtan pou nou konnen, chak pèp sou latè gen lang ak kilti pa yo, pèp yo pa janm meprize yo. Jodi a, li lè li tan pou nou koupe fache ak tout prejije ki fè nou wont pale ak ekri lang manman ak papa nou san lakrentif. Nou pa dwe wont pale ak ekri kreyòl la si nou vle li pete plafon.

Bòs Madichon.

Connexion utilisateur

CAPTCHA
Cette question sert à vérifier si vous êtes un visiteur humain afin d'éviter les soumissions automatisées spam.

Pages